Ansyen Prezidan ameriken Bill Clinton ap nan tèt yon delegasyon ki prale ann Ayiti jedi 28 jen 2012 la pou vizite plizyè sit touristik nan Jakmèl, sidès peyi a, ak Kap-Ayisyen, nan nò Ayiti. Objektif vizit sa a, k ap dire 2 jou, se eksplore potansyèl touristik peyi a.
Anvan delegasyon an kite Pòtoprens vandredi apremidi, Misye Clinton gen pou l bay yon konferans pou laprès nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture.
Klike sou ikon ki agoch la pou w koute kòmantè korespondan nou Clarens Renois k ap pale ak Jean Robert Philippe sou vizit la ak lòt pwen k ap domine aktyalite a ann Ayiti.