Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Remonte nan Sondaj yo Devan Mitt Romney

Yon nouvo sondaj opinyon montre Prezidan ameriken an, Barack Obama, repran avantaj la sou rival repibliken li pou eleksyon prezidansyèl mwa novanm 2012 la, Mitt Romney. Misye Obama ap mennen sou misye Romney nan 3 Eta enpòtan ki kapab deside rezilta eleksyon an.

3 Eta yo se :Florid, Ohio ak Pennsylvani. Etid la, Inivèsite Quinnipac reyalize e ki parèt jodi mèkredi a, endike Prezidan Obama genyen yon avantaj 9 pwen nan Ohio, 6 pwen nan Pennsylvani e 4 pwen nan Florid.

Se yon gwo devlopman konpare ak sondaj menm Inivèsite a te reyalize mwa pase a ki te endike misye Obama tap mennen nan Pennsylvani, men Florid ak nan Ohio maj la te twò sere pou di kilès ki te devan.

Asistan direktè Enstiti Sondaj InivèsiteQuinnipac la, Peter Brown, di si misye Obama konsève avans sa a nan 3 Eta enpòtan sa yo, pratikman lap ranpòte eleksyon an.
Vòt la fikse pou mwa Novanm.
XS
SM
MD
LG