Accessibility links

Breaking News

Dega Tanpèt Twopikal Debby nan Eta Florid


Tanpèt twopikal Debby lage gwo lapli sou plizyè pati nan Eta Florid, nan sidèd Lèzetazini, kote li pote inondasyon nan zòn ki ba yo epi li ogmante chans pou tònad pase nan zòn afekte yo. Debbie te febli yon ti kras lendi ; men li rete preske san deplasman nan pati nòdès Golf Meksik la kote li kontinye lage lapli sou kòt Eta Florid.

Tanpèt la provoke kèk tònad izole ki touye o mwen yon moun nan eta a e espesyalis tan yo lanse avètisman pou di li posib pou plis tònad frape rejyon konsène yo. Gouvènè Eta Florid la, Rick Scott, dekrete yon eta dijan lendi; li di desizyon sa a pral pèmèt yo itilize resous eta a pou pote asistans bay zòn ki touche yo.

Misye Scott nan kèk konsèy li te genyen pou popilasyon an di:

"Tout moun bezwen pran anpil-anpil prekosyon. Piga nou pran anyen a la lejè ; pran bon swen fanmiy nou ; voye je sou zanmi nou yo ; voye je sou moun nou konnen ki pa ka deplase; donk se pou nou youn pran swen lòt."

Sèvis Nasyonal Meteyo Lèzetazini an di li atann ni aske Debby lage ant 25 a 51 santimèt lapli sou tout pati nò ak santral Eta Florid.
XS
SM
MD
LG