Accessibility links

Breaking News

Irigwe: Leta Ka Otorize Lavant Dwòg Marijuana anvan lontan


Irigwe ka tounen premye peyi nan le mond kote Leta ap vann piblik jeneral la direkteman dwòg ki rele marijuana a.

Prezidan José Mujica pral voye devan palman an yon pwojè-lwa ki mande pou gouvènman an vann dwòg la sèlman ak moun ki enskri nan yon bank done ofisyèl.

Minis defans peyi a, Fernandez Huidobro –ki tap abòde dosye a mèkredi 20 jen 2012 la-- fè jounalis yo konnen objektif pwojè-lwa a se konbat to krim k ap ogmante nan peyi sid-ameriken an, avèk yon desizyon ki ka elimine benefis dwòg ilegal ki ale jwenn dilè yo, epi anpeche moun ki pran dwòg yo tonbe nan itilizasyon dwòg ki pi di yo, tankou kokayin pa egzanp.
XS
SM
MD
LG