Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton, fè konnen lame peyi Lejip la dwe respekte pwomès li te fè pou l remèt pouvwa a bay kandida ki ranpòte eleksyon prezidansyèl ki fèk dewoule nan peyi a.
Madam Clinton pale konsa nan moman komisyon elektoral la pran desizyon pou l ranvwaye piblikasyon rezilta final yo ki te dwe fèt jedi 21 jen 2012 la.
Chèf diplomasi amerikèn nan deklare:
“Nou panse li enpòtan e ijan pou lame respekte pwomès li te fè pèp ejipsyen an pou l remèt pouvwa a bay gayan lejitim eleksyon an. Nou poko konnen kilès yo pral deklare venkè eleksyon an; men nou panse pwochen pa militè yo dwe fè, se respekte angajman yo, paske aksyon yo pran nan 2 zou 3 jou ki pase yo, se aksyon ki ka kreye anpil pwoblèm”.
Aprè anons komisyon elektoral la fè pou l di li ranvwaye piblikasyon rezilta eleksyon an, li pa fikse okenn dat pou rezilta yo parèt. Sepandan, patizan Pati Fratènite Mizilman an (ki deja kriye viktwa), fè konnen yo sispèk genyen move mannigans kap fèt, lè otorite elektoral yo anonse yo ranvwaye piblikasyon rezilta yo.
Mohamed al Helw, youn nan patizan sa yo, pale ak laprès pou l di:
“Jiskela rezilta yo te 100 pou 100 korèk, e yo pat bezwen okenn sipèvizyon pouvwa judisyè a. Otorite reskonsab yo te deja anonse rezilta non-ofisyèl yo, e se tout moun ki konnnen se Morsi, kandida Pati Fratènite Mizilman an, kap mennen. Daprè mwen, desizyon pou yo ranvwaye piblikasyon rezilta yo, se yon koudeta lame ap bay lejitimite vòt la, paske yon desizyon konsa pa genyen okenn eksplikasyon.”