Accessibility links

Breaking News

Jean Nathan Charleston: Konpozitè Chantèm Jounen Nasyon Timoun 2012 la ann Ayiti


Jean Nathan Charleston
Jean Nathan Charleston
Fowòm Jèn Lavwad Lamerik te gen plezi akeyi kòm envite madi 19 jen sa a jèn « enpaktè « (manm òganizasyon Enpak) Jean Nathan Charleston ki ekri e chante mizik-tèm Jounen Nasyonal Timoun 2010 la ann Ayiti : Ayiti ap dekole ak Timoun yo .

Nan okazyon an, jèn chantè e konpozitè a pataje ak oditè yo pwojè l ak eksperyans li nan Enpak ki se yon òganizasyon k ap travay antwòt nan fòmasyon jèn ak defans dwa timoun.
E jounen jodi a, ak fòmasyon li pran nan Enpak , li tounen yon fomite tou .

Jean Nathan Charleston konpoze e egzekite mizik-tèm "Jounen Nasyonal Timoun" nan sou demand kèk enstitisyon tankou Byenèt Sosyal ak Rechèch (IBERS ) , Save the Children, World Vision. Lòt vwa ki nan anrejistreman an se timoun ak jèn ki soti nan òganizasyon sa yo.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute edisyon Fowòm Jèn sa a kote Jacquelin Belizaire te akeyi kòm envite Jean Nathan Charleston.
XS
SM
MD
LG