Accessibility links

Breaking News

Ayiti ap Dekole ak Timoun yo


Ansyen Gouvènè Jenral Kanada a Michaelle Jean ak Jo-Ann Garnier Lafontant
Ansyen Gouvènè Jenral Kanada a Michaelle Jean ak Jo-Ann Garnier Lafontant
Nan okazyon Jounen Nasyonal Timoun nan peyi Dayiti ak Jounen Entènasyonal Lit kont pi move fòm travay kay timoun yo dapre konvasyon 182 Oganizasyon Entènasyonal Travay la(OIT) , otorite yo nan peyi Dayiti spesyalman Institut du Bien Etre Social et de Recherches (IBESR), nan tèt kole ak yon pakèt òganizasyon pami yo Enapak, te mete timoun yo an valè e yo te poze ak anpil ensistans pwoblèm timoun yo .

Pandan plis pase yon semèn , responsab asyisyen yo nan plizyè nivo te angajman pou yo pran desizyon pou jwen solisyon nan kèk gwo defi konsènan timoun yo sitou zafè si la yo ki an domestisite , sa nou rele restavèk yo .

N ap siyale genyen kounye a yon liy telefòn , liy 1-3-3 pou timoun an danje ---- sa ki reprezante yon nouvo inisyativ. Responsab yo te lanse tou yon “annuaire” ki rasanble prensipal enstitisyon k ap patisipe nan lit an favè timoun nan peyi Dayiti.

Lendi 11 jen 2010 la , yon jou apre selebrasyon Jounen Nasyonal Timoun e Chanm Depite a te ratififye Konvansyon Entènasyonal Lahè sou adopsyon timoun nan, sa ki reprezante yon gwo pa nan demach pou mete plis lòd nan zafè adpsyon nan peyi a .

Nan edisyon pawòl Timoun vandredi 15 jen an Jacquelin Belizaire akeyi kòm envite Jo-Ann Garnier Lafontant ki responsab Enpak , youn nan òganizasyon patnè Bien-Etre Social nan peyi Dayiti.

Pou tande pwogram sa a klike sou ikon ki agoch la.
XS
SM
MD
LG