Madi 12 jen an se jounen mondyal kont travay fòse timoun yo. 182 peyi te siyen Oganizasyon Entènasyonal Travay la, pami yo Ayiti, te pran angajman pou yo aji imedyatman pou entèdi e pou elimine pi move fòm travay lakay timoun yo .
Jounen sa a tonbe 2 jou apre Ayiti te selebre dimanch 10 jwen ki sot pase la a Jounen Nasyonal Timoun ki te boukle yon semèn kote laprezidans ak Enstiti Byenèt Sosyal nan peyi Dayiti te mete timoun yo an valè atravè yon pakèt aktivite.
Jodi a tou nan okazyon Jounen Mondyal kont Travay fòse sou timoun, responsab ayisyen yo ak kèk òganizasyon sendikal e imanitè ap make jounen sa a e ouvè je sosyete a sou sitiasyon kèk timoun nan peyi a.
Genyen preske 6 milyon timoun ap jèn ki ap patisipe nan travo fòse ou ki nan esklavaj. Oganizasyon Entènasyonal Travay (OIT) te lanse premye jounen Mondyal kont travay kay timoun an 2002 avèk objektif pou denonse kalvè yon pakèt timoun ap travèse nan lemond.