Accessibility links

Breaking News

Prezidan Martelly Make Jounen Mondyal Anviwonman an nan Mòn Lopital


Jodi madi 5 jwen an se jounen mondyal anviwonman. Nan okazyon an prezidan ayisyen an Michel Martelly ap vizite yon « pwojè Pilòt » sou rebwazman ravinn nan Mòn Lopital .

Nòt sa a ki soti nan Biwo Kominikasyon Prezidans la, presize chèf leta a ap gen pou evalye pwojè a e sansibilize popilasyon an sou enpòtans inisyativ la sa a e nesesite pou pwoteje anviwonman an ki se yon mwayen pou gen kwasans ekonomik e kreyasyon travay kòm mezi pou evite pwoblèm ki ka vini akoz sezon siklonik la.

Dapre Biwo Kominikasyon Prezidans la toujou , Enstiti Byenèt Sosyal ak La Prezidans lanse yè lendi 4 jwen an semèn Timoun yo e tèm-nan se « Ayiti ap dekole ak Timoun yo.

Prezidan Martelly ak premyè Dam nan Sophia Martelly ki te lanse ofisyèlman semèn nan nan Palè Minisipal Dèlma a mete aksan kanpay sansibilizasyon Byenèt Sosyal an favè santé ak pwoteksyon timoun yo.

Nòt la siyale , Prezidan Martelly evoke posibilite pou “Enfant” tounen 6 zyèm « E » nan pwogram li an . Nan okazyon lansman sa a nan okazyon jounen nasyonal Timoun –nan , 10 jwen k ap vini la a, te genyen yon seremoni ki te reyini plizyè santèn timoun an prezans otorite peyi a ak pèsonalite nan sektè timoun yo bay reprezantan òganizasyon ko-operasyon ak Ayiti .

Nan okazyon nan , reprezantan UNICEF ann Ayiti madam Françoise Ackermans Gruloos felisite aksyon gouvènman an an favè timoun yo.
XS
SM
MD
LG