Accessibility links

Breaking News

Remiz Pi Gwo Distenksyon Sivil la nan La Mezon Blanch


Prezidan Barack Obama renmèt pi gwo rekonpans sivil bay yon mizisyen lejandè, yon astronòt ak premye fanm ki te okipe pòs Sekretè d Eta Ozetazini.

Nan yon seremoni ki dewoule madi swa nan La Mezon Blanch, Misye Obama di benefisyè yo enspire moun epi travay yo reyalize rive pote bon jan chanjman nan lavi a Ozetazini.

Pami pèsonalite ki resevwa meday donè sa a, nou jwenn mizisyen Bob Dylan ki, pou Prezidan Obama, reprezante yon jeyan nan istwa mizik amerikèn nan; John Glenn, premye astwonòt ameriken ki te antre nan òbit Planèt Tè a.

Prezidan Obama di Misye Glenn se yon ewo, kèlkeswa sans moun bay mo “ewo” a. Yon lòt pèsonalite ki resevwa onè a, se Madeleine Albright, premye fanm ki okipe pòs Chèf Diplomasi Lèzetazini.
XS
SM
MD
LG