Ozetazini, kandida pati repibliken an pou plas prezidan an, Mitt Romney, espere ranpòte nominasyon pati a aprè eleksyon primè kap dewoule madi 28 me 2012 la nan Eta Tegzas ki genyen plis pase 150 delege.
Kantite sa a se plis pase sa misye Romney bezwen pou l rive nan nivo mil 144 delege an tou ki nesesè pou l jwenn nominasyon an.
Aprè eleksyon primè Eta Tegzas la, Misye Romney ap mete fen nan yon kanpay ki te long anpil e chaje ak sipriz tou --- kanpay kote li te genyen pou l fè fas ak anpil defi, sitou defi li te jwenn an fas 2 rival: ansyen prezidan Chanm dè Reprezantan an, Newt Gingrich, avèk ansyen senatè eta Pennsilvani, Rich Santorum – 2 kandida ki te rive lage dout sou karaktè misye Romney kòm yon vrè konsèvatè.