Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Meksiken, Miguel de la Madrid, Mouri a 77 tan


Ansyen prezidan meksiken, Miguel de la Madrid, ki te dirije Meksik nan mitan yon gwo resesyon ekonomik ak yon dezas natirèl nan ane 1980 yo mouri a laj 77 tan.

Ansyen lidè meksiken an desede dimanch 1er avril la nan yon lopital vil Meksiko, kote li te entène pandan plizyè semèn pou enfeksyon vwa respiratwa.

Yo te eli mesye De La Madrid an 1982, e li te lanse yon kokenn kanpay anfavè mache lib, yon fason pou transfòme ekonomi Meksik la, epi mete kontwòl sou yon enflasyon ki t ap vale teren nan peyi amerik Dinò a.

Sepandan, gouvènman li a te resevwa anpil gwo kritik sou fason li te jere tranblemanntè ki te frape Meksik an 1985, kote omwen 9 mil moun te pèdi lavi yo.
XS
SM
MD
LG