Accessibility links

Breaking News

3èm Karavan: Plizyè Migran Pran Direksyon Fwontyè Meksik ak Etazini


USA-IMMIGRATION/MEXICO
USA-IMMIGRATION/MEXICO

Yon 3èm karavan, ki gen ladann plizyè santèn latino ak Ayisyen, fòme vandredi 26 novanm nan objektif pou mache jiskaske yo rive sou fwontyè Meksik pataje ak Etazini. Karavan sa a fòme malgre pwomès otorite yo fè pou bay migran yo viza imanitè.

Kèk jou apre anons otorite Meksiken yo pou konvenk manm 2èm karavan nan abandone tantativ pou mache rive sou fwontyè peyi a pataje ak Etazini ann echanj pou yon viza imanitè, yon 3èm group demare vandredi 26 novanm nan.

Yo pran wout la depi fwontyè Gwatemala - pi presizeman depi vil Tapachula ak objektif pou yo rive Ozetazini. Manm group la di yo vle pati kite Chiapas akoz yo pèdi pasyans.

Lano ki se yon ayisyen deklare "tout etranje ki rive nan yon lòt peyi bezwen travay pou l kapab peye kay, manje, nou pa kapab fè sa si n pa gen dokiman pou n travay".

3èm karavan nan ki gen plizyè santèn migran ansanm ladan kòmanse mache a pye ansanm ak timoun soti nan Tapachula sou fwontyè Meksik pataje ak Gwatemala nan direksyon Mapastepec, a yon distans anviwon 100 kilomèt ak Tapachula.

Orney Perez yon migran kiben deklare "nou chwazi mache nan karavan nan akoz otorite meksiken yo pran twòp tan pou ba n dokiman ki nesesè pou n travay."

Pandanstan nan eta Veracruz, yon group imigran pran daso yon trelè pou yo kapab kontinye vwayaj la.

Enspektè an chèf gad nasyonal la Ricardo Baylon deklare "nou vle anpeche yo pran daso machin k ap pase, pou evite yo deranje sitwatyen yo". Kèk chofè plenyen pou di "migran yo monte nan machin yo san otorizasyon e se yon babay ki bayo kè sote".

Otorite meksiken yo espere anons yo fè kòm kwa y ap ofri imigran yo viza kapab diminye menas migran yo ap fè pou patisipe nan karavan k ap mete tèt pou fwontyè Meksik pataje ak Etazini a.

XS
SM
MD
LG