Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Gran Tit Nouvèl Entènasyonal pou 20 Me, 2024

Gran Tit Nouvèl Entènasyonal pou 20 Me, 2024
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:00 0:00

VOA 60: Luis Abinader Reeli Pou Yon 2èm manda 4 tran

Prezidan Iranyen an Ayatollah Ebrahim Raisi mouri nan yon aksidan elikoptè

IRAN-SECURITY/PRESIDENT
IRAN-SECURITY/PRESIDENT

Peyi Iran fè konnen jiska bonè jodi lendi a , yo te kontinye ap cheche yon elikoptè ki tonbe nan pati nòdwès peyi a avèk abò l prezidan peyi a, Ebrahim Raïssi ki gen 63 zan, ak plizyè lòt gwo responsab gouvènmantal.

Sekouris ki reyisi jwenn aparèy la ki al kraze nan flan yon montay, presize pa genyen okenn siy ki ta montre gen moun ki vivan toujou nan elikoptè a.

Medya leta yo di elikoptè a al kraze dimanch 19 me 2024 akoz move tan toupre rejyon Varzaqan nan pwovens Azerbaydjan oryantal . Medya yo kontinye pou di, yo deja pran kadav prezidan Raïssi, ak minis afè etranjè a, Hossein Amirabdollahian, ak 2 lot lòt responsab iranyen ki te fenk sot patisipe nan yon evenman pa lòtbò fwontyè Azerbaydjan ansanm prezidan Azerbaydjan an Ilham Aliyev.

Dapre medya iranyen yo, aparèy ki kraze a te twouve l pami 3 elikoptè ki t ap transpòte responsab iranyen yo pandan yo t ap retounen apre yo te fin inogire santral idwo-elektrik Khoda Afarin ak Giz Galasi a nan rivyè Aras ki make fwontyè ant Iran ak Azerbaïdjan.

Prezidan Aliyev fè soti yon deklarasyon sou platfòm X la , ansyen Twitter, kote li di « Li twouble anpil devan aksidan elikoptè prezidan Raïssi a e li ofri priyè ak asistans bay Iran ki se yon « peyi ami e frè ».

Wout Pwovizwa pou Èd Antre Gaza

Wout Pwovizwa pou Èd Antre Gaza
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:06 0:00

Kamyon ki pote èd ke moun nan Gaza bezwen anpil woule pou travèse yon waf flotan ke Etazini fèk bati, pou premye fwa jodi vandredi a, e konsa yo rantre nan Gaza ki anba syèj, pandan restriksyon Izrael sou pasaj fwontyè yo ansanm ak gwo batay fè li difisil pou manje ak lòt èd antre sou teritwa a.

Livrezon Asistans Imanitè nan Gaza

Cyprus Israel Plestinians
Cyprus Israel Plestinians

Kamyon ki pote èd ke moun nan Gaza bezwen anpil woule pou travèse yon waf flotan ke Etazini fèk bati, pou premye fwa jodi vandredi a, e konsa yo rantre nan Gaza ki anba syèj, pandan restriksyon Izrael sou pasaj fwontyè yo ansanm ak gwo batay fè li difisil pou manje ak lòt èd antre sou teritwa a.

Chajman an se premye ki antre nan yon operasyon ke dirijan lame Etazini yo te prevwa ta ka pèmèt jiska 150 kamyon pa jou rantre nan Gaza, pandan Izrayèl ap mete presyon pou li rantre nan vil Rafah nan sid Gaza, nan kad ofansiv li a ki la depi 7 mwa.

Men Etazini ak gwoup ki ap bay èd yo avèti tou ke pwojè waf la paka ranplase livrezon èd sou wout atè, kote yo ta ka pote tout manje, dlo ak gaz ke moun nan Gaza bezwen. Anvan gè a, se plis pase 500 kamyon pa jou ki te konn pote machandiz antre nan Gaza.

Gran Tit Nouvèl Entènasyonal pou 17 Me, 2024

Gran Tit Nouvèl Entènasyonal pou 17 Me, 2024
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:00 0:00

VOA 60: Sè Lidè Kore di Nò a Kim Demanti ke Peyi l Founi Larisi Zam

Load more

XS
SM
MD
LG