Accessibility links

Breaking News

Etazini Klase Fòs Djihadis Siryen an Kòm Òganizasyon Teworis


Foto konbatan Lame Siryen Lib la ki pwente zam yo nan antre yon bilding nan vil Alèp, nan nò Siri. (foto achiv 5 December 2012)
Foto konbatan Lame Siryen Lib la ki pwente zam yo nan antre yon bilding nan vil Alèp, nan nò Siri. (foto achiv 5 December 2012)
Lèzetazini konsidere Fòs Djihadis Siri an kòm yon gwoupman teworis, nan moman pisans oksidantal yo ap pare pou yo reyini demen nan peyi Mawòk pou wè si yo va jwenn plis apui entènasyonal pou nouvo koalisyon opozisyon siryen an. Depatman Deta kalifye Jabhat al-Nusra kòm gwoup teworis kap opere sou lòt non men an reyalite se mouvman al-Qaida nan Irak la kap eseye enfiltre konfli siryen an.

Depatman Trezò Ameriken (ministè finans nan peyi Dayiti) pran sanksyon kont 2 dirijan al-Nusra a k’ap travay nan non al-Qaida nan Irak. Depatman an anonse sanksyon tou kont 2 gwoup milis ame kap apiye prezidan siryen an, Bashar al-Assad.

Sou-sekretè pou afè teworism ak ransèyman finansye a, David Cohen, di Lèzetazini pral sible milis kap apiye Assad yo menm jan li vize “teworis ki vlope kò yo ak drapo lejitim opozisyon siryèn nan”.

Jabhat al-Nusra revandike responsabilite plizyè eksplozyon kamikaz nan Siri. Otorite divès peyi ewopeyen ak Lèzetazini ap rankontre demen nan Mawòk nan kad reinyon peyi zanmi Siri yo ap fè pou kore rebèl kap goumen kont rejim prezidan Assad la.

Sepandan, Sekretè Deta Ameriken Hillary Clinton pap patisipe nan rankont la paske li anile vwayaj li te gen pou fè nan Pwòch-Oryan an akòz li pa santi l byen.
Lafrans, Grann Bretay ak peyi manm Konsèy Kooperasyon Gòlf la yo rekonèt koalisyon opozisyon an kòm reprezantan pèp siryen an.
Malgre gwo apui anfavè dechoukaj misye Assad, Lèzetazini ak kèk peyi ewopeyen on jan “renka” pou yo rekonèt kòmsadwa opozisyon an.

Larissi pap patisipe nan reinyon demen an, puiske Moskou kont tout entèferans etranje nan pwosesis tranzisyon siryen an.

Toujou Konsènan peyi Siri !

Ajans Nasyonzini pou Refijye a fè konnen kantite refijye siryen yo anrejistre ou k ap tann pou yo anrejistre rive kounye a nan plis pase 500 mil.
Yon pòtpawòl ajans lan, Melissa Fleming, di chif sa a gen ladan siryen ki nan Liban, Jòdani, Irak, Turki ak nan rejyon Afrik Di Nò-a. Madam Fleming presize chif sa ap kontinye ap ogmante.

"Chif sa a kounye a rive nan apeprè 3 mil pa jou. Se 3 mil moun y’ap anrejistre chak jou kòm refije, swa yo janbe fwontyè a, swa ya’p debake kòm egzile nan peyi sa yo"

Wo Komisarya Nasyonzini Pou Refijye a fè konnen Liban kounye a gen lakay li plis pase 150 mil refijye tandiske Jòdani ak Turki genyen apeprè 140 mil ki debake nan peyi sa yo depi koumansman konfli a ki gen 20 mwa.

Antretan, video amatè ki pa jodi a montre sa ki sanble avyon gouvènman an kontinye ap bonbade rejyon alantou e andeyò kapital siryen an, Damas ak lòt rejyon Siri.
XS
SM
MD
LG