Accessibility links

Breaking News

Etazini-Jistis: Nominasyon Jij Merrick Garland Byen Wo sou Kalandriye Sena a


Jij Merrick Garland se chwa Prezidan Barack Obama pou ranplase defen manm Kou Siprèm nan, Antonin Scalia.
Jij Merrick Garland se chwa Prezidan Barack Obama pou ranplase defen manm Kou Siprèm nan, Antonin Scalia.

Ozetazini, desizyon Prezidan Barack Obama pran pou l nonmen Jij Merrick Garland pou okipe yon pòs nan Kou Siprèm nan pral domine travay Kongrè a lè senatè yo va retounen nan travay lendi 4 avril 2016 la aprè 2 semèn vakans. Pwoblèm ki poze a, se mande Repibliken yo ap mande eske Misye Garland kapab ranplase Jij konsèvatè Antonin Scalia ki te mouri sa pa gen lontan.

Si tout kongrè a pat panche l sou dosye a semèn pase a, 3 senatè te antre Washington pou yo rankontre ak Jij Garland -pami yo te genyen Senatè Mark Kirk, ki tounen premye Repibliken ki pran kontak ak Jij deziye a. Senatè Mark Kirk di :

“Kòm Prezidan an mete Jij Garland devan nou, nou dwe ba li konsèy ak konsantman nou. Lè nap konsidere pwosesis konstitisyonèl sa a, nou dwe aji ak rezon, an granmoun e avèk yon lespri ouvè.”

Alòske yon douzèn senatè repibliken deja anonse yo dispoze rankontre ak Jij Garland, se 2 sèlman kap fòse Sena a pran nominayon n nan an konsiderasyon. Yon 3èm -an palan de Senatè Jerry Moran-- te menm mande Gran Kò a fè deba sou dosye a; men 2 jou aprè li te chanje pawòl. An tou ka, se tout senatè demokrat yo ki rete kanpe dèyè nominasyon an. Yon egzanp se Senatris Kirsten Gillibrand. Palmantè Gillibrand fè konnen:

“JIj Garland se yon moun ki ekstrèmman kalifye. E mwen panse Sena a genyen yon obligasyon non sèlman pou l òganize yon sesyon-depozisyon, men tou yon obligasyon pou l vote sou nominasyon an.”

Sondaj dopinyon yo montre yon majorite sitwayen ameriken dakò pou tout sena o-konplè fè depozisyon sou nominasyon Jij Garland la. Sa ki demokrat yo panse lidè repibliken nan Kongrè a pral fè bak devan volonte piblik la, osinon yap gen pou peye sa chè nan eleksyon ki pral fèt nan mwa novanm nan. Annatandan, moun pa konnen ki kalkil politik majorite lidè repibliken sa yo fè pou yo di yap kanpe fèm sou pozisyon yo.

XS
SM
MD
LG