Accessibility links

Breaking News

Etazini: 9 Milya Dola Anfavè Sinistre Siklòn Sandy Yo


Foto 113e lejislati Lèzetazini ki vote lwa asistans anfavè sinistre siklòn Sandy yo
Foto 113e lejislati Lèzetazini ki vote lwa asistans anfavè sinistre siklòn Sandy yo
Nouvo Chanm Depite Etazini an apwouve ak yon kokenn majorite pwogram asirans inondasyon 9 milya dola pou viktim manman tanpèt Sandy yo---kokenn siklòn ki te simen dezawa-dezafi sou kot nò-Ès Etazini-an.

435 manm Chanm bas la adopte lwa a vandredi avèk yon majorite 354 vwa pou e 67 kont, apre anpil kritik palmantè ki reprezante Eta dezas la te fè daprèzavwa ansyen lejislati-a pat vote pwogram asistans lan anvan fen sesyon palmantè nan mwa desanm nan.

Lwa a kounye a gen pou l ale devan Sena a ki sipoze adopte li menm la pou la. Chanm wot la te deja apwouve yon pwogram èd 60 milya dola anfavè viktim tanpèt la.

Sandy te ravaje plizyè Eta sou kot nò Ès peyi Etazini nan mwa Oktob 2012 la, kote li te detwi plizyè milye kay e fè plizyè milya dola dega e pran lavi 125 moun Ozetazini.
Chanm Depite-a gen pou-l vote ankò 15 Janvye k-ap vini-an sou yon lòt tranch asistans 51 milya dola---toujou anfavè rejyon tanpèt la devaste yo.

Nan semèn k-ap vini-yo, nouvo Kongrè-a, ki prete sèman yè jedi-a, pwal fè fas tou ak yon ansyen chirepit sou dèt peyi a k ap galope, sou kèk pwopozisyon konsènan imigrasyon ak sou kontwòl zam-nan---yon pwoblèm ki soulve anpil polemik nan Ozetazini.

Sou kesyon plafon dèt-la, ekonomis James Glassman kap travay nan JP Morgan Chase di LavwadLamerik, yo dwe ogmante plafon dèt la pou mete l nan yon trilyon dola, dekwa pou bay gouvènman federal ameriken an ase latitid pou’l prete lajan.

Yon lòt kote, ekonomi ameriken kreye 155-mil nouvo djòb nan mwa desanm ki pase a pandan to chomè yo pase nan 7, 8 pousan.

Rapò Depatman Travay la pibliye vandredi fè konnen anpil nan nouvo djòb yo se nan sektè manifakti ak kontriksyon an yo te pran nesans.
Ekspè gouvènman an yo revize chif sou chomaj mwa anvan an ki te 7,7 pousan e yo jwenn ke l te pi wo pase estimasyon yo te fè anvan an.

Se sèlman yon ti kras pase 12 milyon moun yo konte kòm chomè Ozetazini. Anviwon 5 milyon nan yo pa nan travay depi 27 semèm ou plis.
XS
SM
MD
LG