Accessibility links

Breaking News

Nouvo Trajedi nan Lanmè Peyi Dayiti; Yon bato chavire 30 avril pase a toupre Answouj: Omwen 9 moun mouri


Foto yon Tiyòl nan peyi dayiti
Foto yon Tiyòl nan peyi dayiti

Omwen 9 moun pèdi lavi yo, e genyen yon ventèn ki pa reponn alapèl apre bato yo te abò l la chavire e koule toupre Letan, nan zòn Answouj, nan peyi Dayiti. Aksidan sa fèt nan koumansman semèn nan, swa dimanch premye me a. Bato a te sòti Gonayiv pou l al Bonbadopolis. Genyen plizyè blese ki al resevwa swen nan lopital Lapwovidans Gonayiv la. Premye endikasyon yo fè konnen bato a ki sanble te twò chaje te koumanse ap pran dlo (voie d'eau) e malgre tout efò kaptèn nan ak moun ki te abò yo pou ponpe dlo, yo pat rive sove batiman an ki koule. Pèsonn pa konnen egzateman konbyen pasaje ki te abò li.

Korespondan nou Exalus Mergenat genyen detay sou ralonj sa a:

Nofraj yon bato toupre Answouj, yon repòtaj Exalus Mergenat
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:15 0:00
Direct link

XS
SM
MD
LG