Accessibility links

Breaking News

Yon Gwoup Politisyen ak Palmantè Mande Demisyon Prezidan Jocelerme Privert


Prezidan pwovizwa aysiyen an, Jocelerme Privert (gwo plan).
Prezidan pwovizwa aysiyen an, Jocelerme Privert (gwo plan).

Apèl Kèk Palmantè pou Prezidan Privert Bay Demisyon L

Ann Ayiti, yon gwoup òm politik ki reyini sou non “Konsòsyòm Pati Politik yo” lanse apèl pou yo mande Prezidan Pwovizwa a, Jocelerme Privert, bay demisyon li paske li pa rive òganize eleksyon nan dat Akò 5 Fevriye 2016 la fikse a, swa 24 avril 2016 la. Nap raple Misye Privert te monte sou pouvwa a gras ak Akò sa a ki prevwa eleksyon prezidansyèl ak lejislatif anvan fen mwa avril la epi pou yon nouvo prezidan eli prete sèman nan dat 14 me 2016 la.

NOUVEL AYITI POU MEKREDI 27 AVRIL 2016 LA - VWA: MARIE-LUCE PIERRE & LYONEL DESMARATTES
please wait

No media source currently available

0:00 0:10:40 0:00

Manm Gwoup Palmantè APH Rejte yon Envitasyon Prezidan Privert

Palmantè ki fòme gwoup “Alyans Palmantè Ayisyen yo -APH” deside boude yon envitasyon Prezidan Privert voye bay palman an pou yo rankontre nan palè nasyonal la pou diskisyon sou kriz politik ak elektoral la. Depite Rony Célestin, ki tap pale nan non kòlèg li yo, di Prezidan Privert echwe nan misyon li genyen pou l òganize eleksyon, donk li fèt pou l kite pouvwa a. Bò kote pa l, Depite A. Rodon Bien-Aimé, manm “Groupe des Parlementaires Indépandents –GPI”, lanse yon apèl bay kòlèg li yo nan APH pou l mande yo mete ansanm ak tout pati konsène yo pou yo jwenn yon solisyon pou kriz la; epi li ankouraje yo reponn envitasyon Prezidan an.

Ayiti-Jistis : Komisyon Jistis ak Sekirite Chanm Bas la Konvoke Minis Jistis la ak Komisè Gouvènman Pòtoprens la

Prezidan Komisyon Jistis ak Sekirite Chanm Bas la, Depite Price Cyprien, konvoke minis jistis la, Camille Edouard, ak komisè gouvènman Pòtoprens la, Danton Léger. Misye Cyprien site sa li konsidere kòm “aksyon egzajere Mèt Léger komèt e ki ta depase limit jiridiksyon li.” Depi nouvo komisè gouvènman an te monte nan fonksyon an, li lanse divès lòd ki entèdi kèk ansyen manm gouvènman pase a kite peyi a, pandan yon dirijan sektè komès ak endistri a tonbe anba menm entèdiksyon depa a.

Eske Yon Koudèy sou Sa k Fèt Aletranje Ka Ede Rezoud Kriz Politik la ann Ayiti?

Istoryen, konstitisyonalis e Doktè Georges Michel pa panse Ayiti kapab pran leson nan jan sa fèt aletranje pou l jwenn yon solisyon pou kriz politik ak elektoral kap sakaje peyi a. Nan 2èm pati ane 80 yo, lidè 2 gwo pati ann Repiblik Dominikèn -Pati Revolisyonè Dominiken (PRD) ak Pati Sosyal-Kretyen Refòmis (PR)- te aksepte pou yo chak pase 2 zan sèlman (olye de 4) sou pouvwa a epi kite plas la bay lòt la pandan 2 zan kòm mwayen pou yo te rezoud yon dilèm elektoral. Dòktè Michel di li enposib pou menm bagay la fèt ann Ayiti paske, daprè li, Dominiken yo jwenn enspirasyon yo nan lespri espayòl la ki ouvè pou “konpwomi ak antant”, tandiske sa k motive Ayisyen yo se lespri fransè a ki makònen ak entolerans ki karakterize tout “jiskoboutis”.

XS
SM
MD
LG