Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Prezidan Privert Espere Palman an Va Konfime Premye Minis Nome a, Fritz Jean


Prezidan Pwovizwa Ayiti a, Jocelerme Privert
Prezidan Pwovizwa Ayiti a, Jocelerme Privert

Prezidan pwovizwa ayisyen an, Jocelerme Privert, rankontre laprès pandan wikenn nan pou l te pale, antwòt, de etap Premye Minis envesti a, Fritz Jean, deja franchi ann atandan manm palman an analize dosye li avan yo envite l prezante politik jeneral li. Misye Privert ankouraje palmantè yo akselere pwosesis la pou nouvo chèf gouvènman kòmanse travay pi vit posib.

Nouvèl Ayiti pou lendi 7 mas 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:24 0:00
Direct link

Toujou pou sa k konsène rapò ant nouvo chèf deta a ak palman an, Senatè Sidès la, Edwin Zenny, ankouraje Prezidan Privert chita pale ak palmantè yo anvan Premye Minis la prezante devan 2 chanm yo pou l fè deklarasyon politik jeneral li.

Anfen, plizyè òganizasyon fanm nan Depatman Sid la te òganize yon fwa agrikòl padnan wikenn nan. Korespondan nou nan vil Okay, Jean Hernst Eliscar, di nou objektif la sete ankouraje travay medam yo ap fè nan peyi a epi atire atansyon sou enpòtans fanm nan sosyete a.

XS
SM
MD
LG