Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Prezidan Jocelerme Privert Nonmen Fritz Alphonse Jean kòm Nouvo Premye Minis


Jocelerme Privert
Jocelerme Privert

Prezidan pwovizwa ayisyen an, Jocelerme Privert, nonmen Fritz Alphonse Jean kòm nouvo Premye Minis apre plizyè semèn konsiltasyon ak diferan sektè. Jounalis Gregory Jean Philippe --repòtè afilye nou Radyo-Tele Karayib, ki reponn kesyon Jean Robert Philippe-- di nou Misye Jean gen pou l enstale nan apremidi jounen vandredi 26 fevriye 2016 la. Nouvo Premye Minis la ta dwe prezante devan palman an ansanm ak manm kabinè li anvan lontan pou l soumèt politik jeneral li devan depite yo ak senatè yo.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 26 fevriye 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:01 0:00
Direct link

Yon manm sena a ankouraje kòlèg li yo ratifye politik jeneral nouvo Premye Minis chwazi a. Misyon nouvo chèf gouvènman an se, antwot, konplete pwosesis elektoral la.

Kenneth Merten
Kenneth Merten

Yon lòt kote, Direktè Radyo C-PAM nan Montreal, Ernst Pierre, patisipe jedi 25 fevriye a nan yon pwogram radyo an direk avèk kowòdonatè espesyal Depatman Deta ameriken pou Ayiti, Anbasadè Kenneth Merten, kap vizite peyi Kanada. Dosye kriz la ann Ayiti te nan mitan diskisyon yo.

Pandan deba sa a, Anbasadè Merten ankouraje aktè politik yo ann Ayiti kontinye avèk pwosesis elektoral la pou garanti estabilite nan peyi a. Mesye Merten te pwofite okazyon an pou l reponn kesyon kèk manm dyaspora ayisyèn nan o Kanada. Diplomat ameriken en atire atansyon sou le fèt ke se ayisyen yo ki te met tèt yo ansanm pou yo anpeche yon vid enstitisyonèl nan peyi a apre depa ansyen prezidan Michel Martelly.

Anfen, nan vil Okay yon gwoup nan sosyete sivil la lanse apèl bay otorite lasante yo pou mande yo prepare yon plan daksyon ki ka ede popilasyon an nan pati sid peyi a pwoteje tèt li kont viris Zika a.

XS
SM
MD
LG