Accessibility links

Breaking News

Miss Filipin, Pia Alonzo Wurtzbach, se Miss Inivè 2015.


Miss Inivè 2015, Pia Alonzo Wurtzbach (Filipin).
Miss Inivè 2015, Pia Alonzo Wurtzbach (Filipin).

Miss Filipin, Pia Alonzo Wurtzbach, ranpòte Konkou Miss Inivè ane 2015 la ki dewoule dimanch swa nan vil Las Vegas, nan Eta Nevada, Ozetazini. Sepandan kouwonnman manmzèl te sibi kèk minit reta aprè mèt semoni an, Steve Harvey, te anonse pa erè konkirant ki vini an 2èm pozisyon an, Miss Kolonbi, Ariadna Gutierrez Arevalo, kòm gayan konkou a.

Miss Inivè an tit la, Paulina Vega (nan mitan) pandan li tap wete kouwòn sou tèt Miss Kolonbi Ariadna Gutierrez (agoch) anvan li plase li sou tèt Miss Filippin Pia Alonzo Wurtzbach, (adwat).
Miss Inivè an tit la, Paulina Vega (nan mitan) pandan li tap wete kouwòn sou tèt Miss Kolonbi Ariadna Gutierrez (agoch) anvan li plase li sou tèt Miss Filippin Pia Alonzo Wurtzbach, (adwat).

Miss Gutierrez Arevalo te gen tan resevwa kouwòn nan e li tap voye gwo beze adwat, agoch bay piblik la devan kamera telezyon ki tap retransmèt seremoni an an dirèk, anvan Misye Harvey te retounen sou podyòm nan pou l prezante ekskiz li epi di li te komèt yon erè; li pran tout responsabilite pou erè sa a paske, daprè sa li di, li te mal li kat ki te anonse venkè a ak 2 miss ki vini an 2èm e 3èm pozisyon yo --swa respektivman Miss Kolonbi, Ariadna Gutierrez Arevalo, ak Miss Etazini, Olivia Jordan ki se moun Eta Oklahoma.

XS
SM
MD
LG