Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Prezidansyèl: BCED-Wès la ap Pwononse l sou Dosye Kontestasyon yo Anvan Lontan


Logo CEP Haiti New
Logo CEP Haiti New

Biwo Kontansye Elektoral Depatmantal Wès 1 an (BCED Wès -1) gen pou l pwononse l sou dosye kontestasyon 2 kandida te soumèt kont rezilta preliminè eleksyon prezidansyèl yo. Doktè Maryse Narcisse, kandida Pati Fanmi Lavalas la, ak Vilaire Cluny Duroseau, kandida pati MEKSEPA, te denonse sa yo konsidere kòm iregilarite ki, daprè yo, te genyen nan eleksyon 25 oktòb la. Direktè BCED a, Wally Desence, ki reponn kesyon Jean Robert Philippe, di seyans sou kontestasyon yo te dewoule san okenn ensidan.

Yon lòt kote, yon kowalisyon jèn ki nan pati politik "Renmen Ayiti" anonse yon mach pasifik pou jedi 12 novanm 2015 la pou yo denonse sa òganizatè yo rele "yon koudeta elektoral" epi yo mande KEP a monte yon komisyon endepandan pou evalye rezilta eleksyon 25 oktòb yo.

Anfen, Polis Nasyonal Dayiti anonse li pran tout dispozisyon pou l frennen fènomèn ensekirite kap boulvèse popilasyon an nan zòn Laplèn, tou pre kapital la, Pòtoprens. Direktè jeneral PNH la, Godson Orélus, eksprime fristrasyon li devan le fèt ke lajistis libere san jijman kèk nan bandi lapolis arete yo, alòs ke bandi sa yo retounen al komèt menm kalte zak yo.

XS
SM
MD
LG