Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Eleksyon: Fanmi Lavalas pa Aksepte Fason KEP a Vle Distribiye Kat Mandatè Elektoral yo


FILE - Bwat Bilten
FILE - Bwat Bilten

Prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a, Pierre-Louis Opont, mande tout mandatè pati politik yo prezante depi 6 zè di maten devan biwodvòt yo nan jounen eleksyon 25 oktob la, pou fasilite tiraj osò pou fòme gwoup kap kapab antre nan biwo yo. Mesye Opon fè konnen mandatè ki absan pap kapab antre nan biwodvòt yo.

Nouvèl Ayiti pou madi 20 oktòb 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:17 0:00
Direct link

Bò kote pa l, ansyen senatè Yvon Feuillé, yon manm direktwa Pati Fanmi Lavalas, rejte fason KEP a konte fòme gwoup mandatè ki pral kapab antre nan biwodvòt yo. Malgre sa , Mesye Feuillé fè konnen Fanmi Lavalas ap prezan nan tout biwo yo. Deba sou distribisyon manda elektoral yo ap dewoule nan moman Minis Jistis la, Pierre Richard Casimir, vizite Depatman Nòdwès peyi a kote li pase enstriksyon pou tribinal yo rete ouvè jou eleksyon an, nan jounen 25 oktòb la.

Anfen, gouvènman ayisyen an, lapolis, KEP a anonse yo pran tout dispozisyon pou bay votan yo konfyans epi fè elektora a kwè pwoblèm ki te poze nan eleksyon 9 out 2015 la pap repete nan dat 25 oktob la. Analis politik Robert Benodin, k ap reponn kesyon Jean Robert Philippe depi Orlando Eta Florid, pa kwè elektè yo ap prese ale nan biwodvòt yo akoz eksperyans negatif yo te fè pandan dewoulman eleksyon lejislatif 9 out pase a ki te chaje ak iregilarite.

XS
SM
MD
LG