Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Eleksyon : KEP a Pibliye Rezilta Preliminè Lejislativ 9 Out 2015 la


Yon gwoup elektè ki tap chache non yo nan yon biwodvòt. (Foto: dimanch 9 out 2015)
Yon gwoup elektè ki tap chache non yo nan yon biwodvòt. (Foto: dimanch 9 out 2015)

Ann Ayiti, KEP a (Konsèy Elektoral Pwovizwa a) fè konnen se sèlman 18 pou 100 votan kalifye yo ki te patisipe nan eleksyon lejislativ 9 out 2015 la, dapre yon rapò konsèy la mete devan laprès nan fen jounen jedi 20 out 2015 la, yon jou apre rezilta preliminè premye tou eleksyon yo te dwe parèt. Ajans nouvèl entènasyonal yo, group obsèvatè nasyonal yo di chif la te pipiti toujou. Selon KEP a, Depatman Nòdès la se kote plis elektè te fè deplasman pou yo t al vote, e se nan Depatman Lwès chif la te pi piti. Manm konsèy la rekonèt te gen anpil iregilarite pandan jounen elektoral la; e Prezidan KEP a, Pierre Louis Opont, anonse otorite yo pran yon seri dispozisyon pou yo evite repetisyon pwoblèm sa yo nan eleksyon ki fikse pou 25 oktòb 2015 la. Yon lòt manm konsèy la, Néhémie Joseph, di kandida ki pèdi yo gen 3 jou apati de jounen jedi 20 out la pou yo konteste rezilta preliminè yo.

Gen 4 kandida pou pòs depite ki pase depi nan premye tou eleksyon yo. Garcia Delva ( PHTK) pou Marchand Dessalines, A Rodon Bien-Aime (PHTK) Cerca Carvajal/Quartier de los Palis, Cholzer Chancy (AAA) Ennery, Anous John Bernard ( PHTK) Beaumon.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 21 out 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:12:02 0:00
Direct link

Yon lòt kote, direktè egzekitif KEP a, Mosler Georges, fè konnen responsab yo ap modifye kalandriye elektoral la pou bay kandida yo plis tan pou yo menmen kanpay yo avèk espwa to patisipasyon an va pi elve pase jan sa te ye nan jounen dimanch 9 out la. Eleksyon yo ap refèt nan 25 sikonskripsyon elektoral kote k te gen dezòd yo. Responsab yo fè konnen konsèy la ap pran sanksyon kont kandida, pati politik ak tout sitwayen ki te mele nan zak vyolans pandan dewoulman eleksyon lejislativ yo. Plis pase 1800 kandida ki sòti nan 130 pati politik ap patisipe nan lejislativ yo pou ranpli 119 pòs depite ak 20 pòs senatè.

Anfen, kowòdonatè jeneral pati politik Oganizasyon Pep K ap Lite (OPL), pwofesè Sauveur Pierre Etienne, ki se kandida a la prezidans pati a, kwè desizyon Konsèy Elektoral la pran yo ale nan bon direksyon. Sepandan, Misye Pierre-Etienne espere KEP a pral fè plis efò pou l evite tonbe nan menm erè yo pandan dewoulman eleksyon prezidansyèl, lokal ak lejislatif ki fikse pou 25 oktòb k ap vini la a.

XS
SM
MD
LG