Accessibility links

Breaking News

Dosye Depòtasyon : Ayiti di li Kite "Tout Kanal Diplomatik Ouvè"


Kat jewografik
Kat jewografik

Ayiti / Repiblik Dominikèn

Gouvènman ayisyen an fè konnen kanal diplomatik yo toujou rete ouvè pou negosyasyon fèt ak Repiblik Dominikèn sou rapatriman plizyè santèn milye ayisyen k ap viv ilegalman sou tè Panyòl. Minis Kominikasyon e pòtpawòl gouvènman an, Rotchild Francois Junior, ki reponn kesyon Jean Robert Philippe, deklare Minis Afè Etranjè a.i. ayisyen an, Lener Renauld, ap pare pou l prezante dosye a devan Òganizasyon Eta Ameriken yo nan Washington.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 3 jiyè 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:10:11 0:00
Direct link

Toujou sou dosye depòtasyon an. Nan jounen madi 30 jen 2015 la, sou demand gouvènman dominiken an, Konsèy Pèmanan Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) te òganize yon seyans kote chèf diplomasi dominikèn nan, Andrés Navarro, te prezante dosye a jan gouvènman panyòl la wè li. Nan menm seyans la, Anbasadè Edmond Bocchit, reprezantan pèmanan Ayiti nan l'OEA, te prezante pozisyon peyi d Ayiti sou sitiyasyon an.

Ayiti Eleksyon

Senatè Francisco Dela Cruz kontinye plede anfavè òganizasyon yon sèl eleksyon ann Ayiti. Senatè Plato Santral la pwopoze yon premye tou ki ta dewoule ant mwa septanm ak mwa desanm 2015

Anfen, Mèt Samuel Madistin, kandida a la prezidans anba banyè Mouvman Patriyòtik Popilè Desalinyen (MOPOD) anonse lap fè yon virewon atravè peyi a nan kad yon demach pre-kanpay elektoral. Kandida a te fè yon eskal nan Fòlibète, nan Depatman Nòdès.

XS
SM
MD
LG