Accessibility links

Breaking News

Atak Militan Eta Islamik la nan Siri Fè Plizyè Douzèn Mò.

Sivil ki blese pandan dewoulman sa kèk sous konsidere kòm zak vyolans konbatan Eta Islamik la komèt nan vil Kobani. Yap tann manm fanmi yo pou yo travèse fwontyè a nan yon pwen-pasaj ki rele Tel Abyad, nan Siri, pou yo antre nan peyi Tiki (Foto: 25 jen 2015).

Gwoup Eta Islamik la fèk lanse yon atak tou nèf sou vil Kobani, ki sou fwontyè Siri ak Tuki e ki anba men konbatan "kurd" yo; se youn nan 3 gwo atak rebèl yo lanse atravè Siri jedi 25 jen 2015 la.

Daprè Obsèvatwa Dwa Moun Siryen an ki baze nan vil Lond, ann Angletè, seri atak sa yo te kòmanse ak yon eksplozyon bonb-suisid ki fèt nan kòmansman jounen an nan yon pwen-pasaj ki tou prè Kobani, sou fwontyè Siri ak Tiki. Obsèvatwa a fè konnen plizyè douzèn moun mouri nan atak yo.

Obsèvatwa a ajoute militan islamik yo egzekite pou pi piti 20 sivil « kurd » --pami yo genyen fanm ak timoun, nan bouk Barkh Boutan, ki o-sid Kobani. Konbatan « kurd » yo, ki gen apui aviyasyon militè Lèzetazini, te pran kontwòl Kobani nan mwa janvye pase a aprè plizyè mwa batay ak rebèl Eta Islamik la.

Nan menm jounen jedi a e toujou daprè obsèvatwa a, konbatan islamik yo mete men sou 2 katye ki te anba kontwòl twoup gouvènmantal yo nan vilaj Hasaka, nan pati nòdès Siri.

XS
SM
MD
LG