Accessibility links

Breaking News

Prezidan Barack Obama ak Prezidan Raul Castro Ansanm nan Somè dè Zamerik la.


Prezidan Barack Obama pandan li tap pase devan yon gad donè tou swit aprè arive li nan Ayewopò Entènasyonal Tocumen nan nan Panama City, nan fen jounen jedi 9 avril 2015 la.
Prezidan Barack Obama pandan li tap pase devan yon gad donè tou swit aprè arive li nan Ayewopò Entènasyonal Tocumen nan nan Panama City, nan fen jounen jedi 9 avril 2015 la.

Prezidan ameriken an, Barack Obama, ap patisipe nan 2 jou Somè dè Zamerik la ki kòmanse vandredi a nan Panama, kote li ka rankontre ak prezidan kuben an, Raul Castro. Se premye fwa nan tout istwa rankont rejyonal sa a lidè Lèzetazini ak Kiba twouve yo prezan ansanm. Youn nan tèm santral ki sou ajanda somè a, se rapwochman ki kòmanse fèt ant Washington ak La Avàn nan.

Jedi, pandan Prezidan Obama te nan La Jamayik kote li tap patisipe nan Somè KARIKOM nan anvan li ale o Panama, li te bay yon konferans pou laprès kote jounalis yo te santre atansyon yo sou chanjman lidè ameriken an pote nan relasyon ant Kiba ak Lèzetazini. Men repons Misye Obama te bay laprès ki te mande l kisa li espere reyalize ak chanjman sa yo.

"Esperans mwen sè ke, pandan ane sa a e pandan ane pwochèn nan, nou pral wè yon seri de dispozisyon, yon seri de plan nou va mete an plas pou n tabli konfyans ak yon dyalòg veritab. Pral genyen kèk gwo diferans dopinyon etan done sistèm gouvènman yo genyen nan Kiba a, etan done pozisyon yo sou kèk pwoblèm ki poze nan rejyon an. Sepandan, nou gen konfyans pwosesis angajman sa a --pwosesis kontak dirèk nap pran yo-- va debouche finalman sou non sèlman yon amelyorasyon nan relasyon yo ant Kiba ak Lèzetazini, men tou sa pral fin pa pote benefis pou pèp kiben an. "

Prezidan Obama kontinye pou l di pwosesis ki sou pye pou retabli relasyon diplomatik ant La Avàn ak Washington nan ap mache daprè jan li te espere a. Paske, li pat prevwa tout bagay ta pral transfòme demen-lavèy, e tou denkou Kiba tap tounen yon patnè diplomatik pou Lèzetazini.

Pou sa ki konsènen Kiba, prezidan peyi sa a, Raul Castro, debake jedi o Panama kote li pote santiman amikal pèp kiben an pou gouvènman ak pèp Panana a; epi li salye laprès ki te prezan pou kouvri arive li nan peyi a. Misye Castro di:

"Kiba voye bon salitasyon ak souwè li pou pèp ak gouvènman Panama a, e pou nou menm tou, manm laprès yo. Mèsi."

Raul Castro pale konsa ann arivan n, jedi 9 avril 2015 la, nan peyi Panama.

XS
SM
MD
LG