Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Kanaval : 3èm Jou Gra a Anile – 3 Jou Dèy Nasyonal


Yon viktim aksidan ki rive nan kanaval la nan Pòtoprens.
Yon viktim aksidan ki rive nan kanaval la nan Pòtoprens.

Nan yon konferans pou laprès ki dewoule madi 17 fevriye 2015 la, Premye Minis ayisyen an, Evans Paul, ki te gen avèk li Minis Kominikasyon e pòtpawòl gouvènman an, Rotchild François Junior , an prezans Premyè Dam nan, Sophia Martelly, anonse desizyon gouvènman an pran pou l anile 3èm jou gra Kanaval Nasyonal la nan Pòtoprens e sou tout tèritwa nasyonal la apre ensidan ki lakoz 16 moun mouri e 78 lòt blese nan okazyon 2èm jou gra a. Dr Claude Suréna , prezidan komite ijans ak sekou kanaval 2015 la, bay bilan pwovizwa viktim yo.

Primati a, kap aji nan non gouvènman an, pran desizyon tou pou l òganize, nan jounen madi 17 Fevriye 2015 la, yon defile an blan kote moun pral deplase an silans pou onore memwa viktim yo.

Gouvènman an, ki pataje doulè fami ki viktim nan trajedi sa a, fè parèt yon kominike kote li dekrete 3 jou dèy nasyonal kap kòmanse mèkredi 18 fevriye 2015 la a inè nan apremidi a. Nan okazyon an, drapo ayisyen an ap monte a demi-ma sou tout batiman leta yo. Radyo ak televizyon ap jwe mizik apwopriye. Ap genyen yon veye nan memwa moun ki mouri yo e gouvènman an ap fè chante fineray nasyonal pou yo nan jounen samdi 21 fevriye 2015 la.

Reyaksyon: Yon kominike ki sòti nan Biwo Afè Kiltirèl anbasad amerikèn nan Pòtoprens, fè konnen - nap site:

"Gouvènman peyi Etazini tris anpil akoz lanmò trajik plizyè moun ak plizyè blese ki koze nan aksidan ki te rive byen bonè maten an pandan kanaval la. Nou lonje lamen bay gouvènman ayisyen an pou ofri sipò ak asistans nou. Nou regrèt tou ke nou te afiche yon mesaj selebrasyon byen bonè jodi a nan paj FB nou an. Mesaj sila a te deja pwograme otomatikman."

XS
SM
MD
LG