Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Kanaval: Aksidan Grav nan Fen Jounen Lendi Gra a. 15 Moun Mouri e Plizyè Dizèn lòt Blese


Youn pami plis pase 60 moun ki blese nan dezyèm jou kanaval la, ap tann swen nan Lopital Jeneral la nan Pòtoprens
Youn pami plis pase 60 moun ki blese nan dezyèm jou kanaval la, ap tann swen nan Lopital Jeneral la nan Pòtoprens

15 mò ak 60 blese pou pi piti: Se bilan pwovizwa yon aksidan ki rive nan fen defile kanavalès la pou jounen Lendi Gra a nan Pòtoprens, kapital peyi d Ayiti. Aksidan an rive lè yon kab elektrik t al tonbe sou cha gwoup mizikal Barikad Crew alòske festivite yo te rive jous nan douvanjou jounen madi 17 fevriye a.

Dapre Doktè Claude Surena, prezidan komite sekou ak ijans kanaval la ki monfimne chif yo pou Lavwadlamerik, blese yo resevwa swen nan divès enstalasyon otorite yo mete sou pakou defile a kote pwofesyonèl lasante bay yo sekou dijans, avan yo te transfere viktim sa yo nan divès sant ospitalye. Gouvènman an fè parèt yon nòt pou laprès kote prezante senpati l bay fanmi viktim yo e li anonse otorite yo pran tout dispozisyon pou yo asiste sa yo. Responsab konsène yo pral bay yon konferans poulaprès nan premye pati jounen madi a pou yo bay detay tou nèf sou sitiyasyon an.

Nouvèl Ayiti -Madi 17 fevriye 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:12:57 0:00
Direct link

Kanaval 3 jou a te kòmanse dimanch 15 fevriye a e l ap fini madi 17 fevriye 2015 la. Pou premye jounen an, lapolis te rapòte yon moun mouri tandiske plizyè dizèn lòt te blese e yo te fè plizyè arestasyon.

Yon lòt kote, delè moun kap viv san paye nan Repiblik Dominikèn ki gen paran ayisyen ilegal, te genyen pou yo depoze dokiman yo devan otorite imigrasyon dominiken nan kad premye faz plan Nasyonal Regilarizasyon etranje yo, ap bout nan dat 28 fevriye 2015 a. Kowòdonatè Gwoup Apui pou Refijye ak Rapatriye yo (GARR), Mèt Saint-Pierre Beaubrun, denonse sitiyasyon moun sa yo kap fè fas ak anpil obstak avan fen delè a. Responsab GARR la lonje dwèt sou sa li konsidere kòm yon veritab kanpay anti-ayisyen kap devlope nan Repiblik Dominikèn.

XS
SM
MD
LG