Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: KEP a Bay Pati Politik yo Plis Tan pou yo Pwononse yo sou Kalandriye Elektoral la


Yon Bwat Bilten
Yon Bwat Bilten

Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) ranvwaye pou 18 fevriye 2015 la delè li te fikse pou pati politik yo ak sosyete sivil la fè rekòmandasyon ak sigjesyon sou pwojè kalandriye elektoral la. Delè a te sipoze fini na jounen mèkredi 11 fevriye a nan aprè midi. Dirijan KEP a pran desizyon sa a apre plizyè pati politik te kritike yo pou di konsèy la te dwe pran kontak avèk yo avan piblikasyon dokiman an. Akò 11 janvye 2015 la, ki te kreye KEP a, mande pou enstitisyon an travay ak pati politik yo avan li soumèt kalandriye elektoral la devan pouvwa egzekitif la.

Nouvèl Ayiti -vandredi 13 fevriye 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:46 0:00
Direct link

Kalandriye KEP a pwopoze òganizasyon 2 eleksyon pandan ane 2015 la. Eleksyon lejislatif yo fikse pou jiyè epi prezidansyèl yo gen pou dwoule nan dènye dimanch mwa Oktòb 2015 la ak posibilite pou yon nouvo prezidan prete sèman 7 fevriye 2016. 2èm tou prezidansyèl la ap fèt an menm tan ak eleksyon minisipal e lokal yo, swa an janvye 2016. Selon kalandriye pwovizwa a, pwosesis elektoral la ap demare an mas 2015. Kèk pati nan opozisyon an di yo pa gen tout resous finansye ki nesesè pou yo mennen yon kanpay elektoral depi nan mwa mas la pou rive nan mwa Janvye 2016.

Anfen, Senatè Dieuseul Simon Desra di li pa rekonèt desizyon kòlèg li yo te pran pou yo deziye senatè Andris Riche kòm prezidan gran kò a apre 12 janvye 2015. Yon tribinal refere voye senatè Plato Santral la retounen nan pòs li pwovizwaman pou l konplete manda l la ki, daprè tribinal la, dwe pran fen an 2017 ann atandan lajistis fè limyè sou stati l, malgre teknikman manda l te fini depi 12 janvye 2015 ansanm ak pa 9 lòt senatè ak tout manm chanm depite a. Gouvènman an gen 10 jou pou l ale an apèl ak desizyon tribinal refere a.

XS
SM
MD
LG