Accessibility links

Breaking News

Konferans Entènasyonal sou Lapè nan Ikrèn - Batay Fewòs nan Pati Lès Peyi a


Manm fòzame Ikrèn nan sou yon machin blende (APC) tou pre vil Debaltseve, nan pati lès peyi a, nan jounen madi 10 fevriye 2015 la.
Manm fòzame Ikrèn nan sou yon machin blende (APC) tou pre vil Debaltseve, nan pati lès peyi a, nan jounen madi 10 fevriye 2015 la.

Batay fewòs ki touye anpil moun kontinye nan pati lès Ikrèn nan kòmansman jounen mèkredi 11 fevriye 2015 la, nan moman lidè peyi Almay, Lafrans, Larisi ak Ikrèn tap pare pou yo patisipe nan yon somè sou konfli sa a ki la depi mwa avril 2014 e ki deja touye plis pase 5 mil 300 moun. Omwen 2 moun mouri nan Donyèsk, yon vil ki nan pati lès peyi a e ki reprezante basyon rebèl pwo-ris yo.

Viktim sa yo pèdi lavi yo lè yon wòkèt t al tonbe sou yon estasyon otobis, daprè rebèl yo ak pèsonèl sèvis ijans yo. Otorite militè yo di yon atak rebèl yo te lanse tou pre vil Debaltseve, touye omwen 19 sòlda e li blese 78 lòt.

Avan rankont kap fèt nan Belaris la, prezidan ikrenyen an, Petro Poroshenko, te prezante somè 4 peyi sa a kòm youn nan dènye chans pou mete fen nan batay fòs militè peyi li ap livre kont separatis ki an favè Larisi yo. Misye Peroshenko di:

« Gen yon moun ki pa renmen lapè, yon moun ki renmen lagè, yon moun ki renmen egzèse enfliyans li sèlman lè li kapab touye moun, lè gen lagè, lè gen agresyon kont yon peyi pezib tankou Ikrèn. Nou pap pèmèt yo fè sa. Nap mete fen nan lagè a ; nou se yon peyi pezib e lemond antye fè yon sèl avèk nou. »

Ikrèn ak kèk gouvènman oksidantal akize Larisi dèske lap soutni mouvman rebelyon an ki lakoz gwo dega depi preske yon lane nan pati lès Ikrèn. Moskou toujou rejte akizasyon sa a. Lamezon Blanch fè konnen Prezidan Obama te pale nan telefòn ak Prezidan ris la, Vladimir Putin, e li ba l konsèy pou l apiye yon akò lapè pou rezoud kriz la nan Ikrèn.

XS
SM
MD
LG