Accessibility links

Breaking News

Ann Ayiti-Opozisyon an Lanse yon 2èm Jounen Grèv Kont Gouvènman an


Premye Minis ayisyen an, Evans Paul.
Premye Minis ayisyen an, Evans Paul.

Ann Ayiti: popilasyon an kòmanse obsève timidman dezyèm jounen grèv opozison an lanse pou mande demisyon Prezidan Michel Martelly ak yon lòt bès nan pri galon gazolin nan, kontrèman ak premye jounen an kote aktivite yo te paralize, sitou nan kapital la, Pòtoprens. Transpò piblik la ap fonksyone oralanti. Administrasyon piblik ak lekòl ap travay; men jounalis yo konstate absans yon gwo pousantaj anplwaye ak elèv. Pandansetan, Minis Kominikasyon e pòtpawòl gouvènman an, Rotchild François Junior, anonse administrasyon Martelly-Paul la mete sèvis transpò gratis a la dispozisyon popilasyon an. Tab Konsètasyon Opozisyon an, ki konsidere premye jounen grèv la kòm yon siksè, mande popilasyon an chita lakay li pandna jounen madi 10 fevriye a tankou li te fè sa lendi 9 fevriye a.

Nouvèl Ayiti -Madi 10 fevriye 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:32 0:00
Direct link

Yon lòt kote, pòtpawòl PNH (Polis Nasyonal d Ayiti), Gary Desrosiers, fè konnen fòs de lòd yo arete plis pase 20 moun sou akizasyon deske yo te komèt dezòd pou twouble lapè piblik pandan yon gwoup manifestan otorite yo pa idantifye tap atake epi blese ak kout kouto yon ajan 4, Yves André.

Bò kote pa l, chèf gouvènman an, Evans Paul, fè konnen Leta ayisyen pa kapab bese pri galon gazolin nan yon 3èm fwa, jan opozisyon an ak sendika yo ap mande l la. Misye Paul fè konnen lapolis pap tolere moun kap fè dezòd.

Anfen, Leta ayisyen siyen yon pwotokòl akò ak konpayi Synohydro Coorporation Limited pou konstriksyon yon baraj hidwoelektrik nan Depatman Latibonit la. Pwojè sa a --ki pral pèmèt elektrifikasyon divès zòn nan depatman an ak arozaj plizyè santèn kawo tè nan rejyon an-- ap koute anviwon 40 milyon dola ameriken e lap pran an 36 ak 42 mwa pou l reyalize. Li pral ajoute 32 megawat sou rezo elektrik nasyonal la.

XS
SM
MD
LG