Accessibility links

Breaking News

Rankont Prezidan Hollande ak Chansleye Merkel ak Prezidan Putin sou Sitiyasyon an nan Ikrèn


Prezidan Ikrèn nan, Petro Poroshenko (nan mitan), prezidan fransè a, Francois Hollande (adwat) akchanselye alman an, Angela Merkel, ap bay lanmen pandan yon rankont yo fè nan Kyèv jedi 5 fevriye 2015 la.
Prezidan Ikrèn nan, Petro Poroshenko (nan mitan), prezidan fransè a, Francois Hollande (adwat) akchanselye alman an, Angela Merkel, ap bay lanmen pandan yon rankont yo fè nan Kyèv jedi 5 fevriye 2015 la.

Lidè Lafrans ak Lalmay twouve yo nan vil Moskou, kapital Larisi, vandredi 6 fevriye 2015 la pou yo mete yon nouvo plan lapè pou Ikrèn devan prezidan ris la, Vladimir Putin. Madam Merkel ak Misye Hollande fè deplasmna sa a yon jou apre yo-menm ak Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, te ale nan Kyèv kote yo te fè chita-tande sou plan an avèk prezidan ikrenyen an, Petro Poroshenko ki nan tèt yon gouvèn-man peyi oksidantal yo apiye

Prezidan François Hollande ak chanselye Angela Merkel ap fè demach sa a nan moman gen yon gwo ranfòsman nan batay kap dewoule nan pati lès Ikrèn ant lame peyi a ak rebèl ki an favè Larisi yo. Detay sou nouvo plan an poko sòti deyò; men lidè ikrenyen an deklare efò kap fèt pou jwenn yon seselfe nan konfli a ba li anpil ankourajman. Prezidan Poroshenko di :

"Sa ban mwen yon espwa fèm ke nou pral jwenn rezilta, nou pral jwenn yon seselfe ; gen pwomosyon kap fèt pou pwosesis kap debouche sou lapè a avanse, e sa kapab ede n anpil nan efò nap fè pou n jwenn yon akò sou seselfe a."

Pandan rankont Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, te fè jedi-a ak Prezidan Poroshenko a, li te lonje dwèt sou rebèl pwo-Larisi yo ak Moskou kòm responsab le fèt ke zak vyolans yo ap ogmante nan pati lès Ikrèn ; li anonse Lèzetazini kapab pran yon desizyon anvan lontan sou kesyon pou konnen èske li dwe mete zam ala dispozisyon lame ikrenyèn nan. Chèf diplomasi amerikèn nan deklare:

" Mwen si e sèten Prezidan Obama pral pran yon desizyon sou dosye a anvan lontan. Men, se pa zavan li resevwa yon rapò nan men mwen, nan men lòt moun kap fè deba sou kesyon an aktyèlman ann Ewòp ; pa zavan yon konferans ki pral dewoule sou sa nan Munich, epi, natirèlman, yon chita-tande enpòtan li pral fè lendi ak chanselye Angela Merkel."

Sekretè Deta Kerry pale konsa aprè li te rankontre nan vil Kyèv jedi ak Prezidan Poroshenko sou sitiyasyon an nan Ikrèn. Tèm prensipal rankont sa a sete wòl peyi Larisi nan konfli a ki la depi 10 mwa e ki deja touye preske 5 mil 400 moun. Moskou pa sispann leve lavwa pou di li pa mele dirèkteman nan sitiyasyon malouk kap devlope nan pati lès Ikrèn nan.

XS
SM
MD
LG