Accessibility links

Breaking News

Ann Ayiti, Lapolis Itilize Gaz Lakrimojèn Pou l Dispèse yon Manifestasyon Anti-Gouvènmantal


La polis nan peyi d Ayiti sèvi ak gaz lakrimojèn pou l gaye moun ki tap patisipe nan 2èm sou 3 jou opozisyon an ap òganize pou mande demisyon ekip ki sou pouvwa a. Plizyè moun blese ak bal, dapre sa laprès rapòte. Nouvèl yo di plizyè etidyan, ki tap manifeste pou mande otorite yo bese pri gazolin nan, blese tou pandan ensidan an. Tab Konsètasyon Opozisyon an ap òganize dènye jounen manifestasyon yo samdi 7 fevriye 2015 la anvan sendikalis sektè tranpò a mete sou pye yon grèv 2 jou ki fikse pou lendi 9 ak madi 10 Fevriye.

Nouvèl Ayiti -vandredi 6 fevriye 2015
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:45 0:00
Direct link

Yon lòt kote, pòtpawòl Polis Nasyonal d Ayiti, Gary Desrosiers, prezante bilan operasyon fòs de lòd yo mennen soti nan dat 5 janvye pou rive 5 fevriye 2015. Otorie yo sezi 13 kilo kokayin, 195 kilo marijuana, 4 zam, yo sezi 5 machin e yo fè plis pase 30 arestasyon. Anfen, nan vil Okay, toujou nan kad operasyon lapolis mennen pandan 30 jou ki pase yo, otorite yo te poze arestasyon 5 moun --pami yo genyen yon ajan 3 ki sanble ta mele nan trafik dwòg-- epi yo te sezi plizyè kilo marijuana.

XS
SM
MD
LG