Accessibility links

Breaking News

Prèt Ayisyen « Pè Jeannot » Resevwa yon Distenksyon nan Vil Denver, Eta Colorado.


Nan okazyon 5èm anivèsè tranblemanntè 12 janvye 2010 la ann Ayiti, se ak plezi Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la te resevwa Père Jeannot, lidè pawas Sen-Pierre la nan Mirbalais, ki tap fè yon sejou Ozetazini pou l te vizite -antwot- vil Denver, nan Eta Colorado, kote plizyè fanmi amerikèn te aksepte resevwa divès timoun Ayisyen ki te rete san papa ni manman apre gwo kokenn soukous la.

Nan okazyon vizit Reveran Jeannot nan Denver la, majistra vil la, Michael Hancock, remèt li, nan jounen vandredi 9 janvye 2015 la, yon plak ki rekonèt travay pawas li nan Mirebalais ap reyalize pou timoun yo ak jenn yo nan Plato Santral la, ann Ayiti.

Entèvyou Pè Jeannot ak L. Desmarattes sou, antwòt, plak majistra Denver la, Michael Hancock, remèt reveran an.
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:36 0:00
Direct link

Père Jeannot –ki te fè vwayaj la sou envitasyon òganizasyon imanitè Road to Hope ou Wout Lespwa- reponn kesyon Lyonel Desmarattes sou objektif deplasman n nan e sou travay pawas li a ap fè pou li ede e ankadre jenès la Ba Plato Santral la.

XS
SM
MD
LG