Accessibility links

Breaking News

Entèvyou Prezidan Obama sou Reyalizasyon Administrasyon N nan.


Prezidan Obama ap reponn kesyon yon jounalis NPR (National Public Radio ou Radyo Nasyonal Piblik), yon estasyon radyo endepandan ki fonksyone ak apui oditè li yo.
Prezidan Obama ap reponn kesyon yon jounalis NPR (National Public Radio ou Radyo Nasyonal Piblik), yon estasyon radyo endepandan ki fonksyone ak apui oditè li yo.

Prezidan Barack Obama pale de pwogram politik nasyonal ak entènasyonal li nan moman li rete 2 zan ankò pou l pase sou pouvwa a. Nan yon entèvyou lidè ameriken an bay NPR (Radyo Nasyonal Piblik, yon estasyon radio endepandan) nan okazyon fèt fen dane yo, li di li pa ekate posiblite pou administrasyon n nan amelyore rapò Lèzetazini ak Iran, e li site Bimani ak Tinizi kòm peyi kote demokrasi gen yon chans pou l boujonnen, fleri e devlope.

Misye Obama ajoute aksyon li pran, kòm chèf pouvwa egzekitif la, sou dosye tankou relasyon Washington ak Kiba epi chanjman nan fason sistèm imigrasyon an tap opere jiskela, se rezilta travay ki te dire plizyè lane. Li di li te prevwa 2014 la kòm yon ane gwo chanjman --chanjman ekstwodinè menm; e aprè 6 zan o pouvwa, nan yon moman kote peyi a gen yon ekonomi ki amelyore, li te gen chans pou l pase a laksyon epi pran desisyon difisil sou kèk gwo pwoblèm difisil.

« Nan fen ane 2014 la, mwen ka vire je gade dèyè pou m di: “Nou twouve nou nan yon bon sitiyasyon ekonomik, yon kote nou pat ye pandan kèk tan deja; kounyela a, le mond bezwen lidership Lèzetazini plis ke jamè oparavan.” Sa ban nou satisfaksyon, paske nou kòmanse wè bon rezilta anpil nan travay nou fè pandan ane ki pase yo. Sa ban nou yon opòtinite pou n kòmanse panche nou sou kèk nan divès lòt defi mwen pat gen tan (oubyen kapasite) pou m te abòde jiskisi pandan prezidans mwen an. »

Misye Obama kontinye pou l di kounyela a, li vle santre atansyon n sou kèk pwojè alon-tèm, tankou travay pou garanti tout sitwayen ameriken benefisye de yon ekonomi ki amelyore.

Sou plan entènasyonal la, lidè ameriken an pale de ranfòsman lit kont Gwoup Eta Islamik la nan Siri ak Irak, travay pou fini retrè sòlda ameriken ki nan Afganistan yo, epi pwogrè sou kèk lòt dosye enpòtan, tankou repriz relasyon diplomatik ant Lèzetazini ak Kiba. Prezidan Obama pwomèt li pa pral dòmi sou dosye sa yo ditou-ditou, paske travay yo mande se travay ki pi fasil pou yon prezidan kap fini manda li pase yon prezidan ki fèk monte sou pouvwa a.

XS
SM
MD
LG