Accessibility links

Breaking News

Kisa/Kilès ki Lakòz Kore di Nò pat Ka Monte sou Entènèt la? Mistè !


Lidè nò-koreyen an, Kim Jong Un (nan mitan), ap gade yon òdinatè pandan lap enspekte yon egzèsis bonbadman ak zam lou long pòte ki ta ka atake rejyon lanmè ki nan sidwès preskil Kore a. Enstalasyon sa a twouve li nan yon zòn sekrè.
Lidè nò-koreyen an, Kim Jong Un (nan mitan), ap gade yon òdinatè pandan lap enspekte yon egzèsis bonbadman ak zam lou long pòte ki ta ka atake rejyon lanmè ki nan sidwès preskil Kore a. Enstalasyon sa a twouve li nan yon zòn sekrè.

Nouvèl ki sòti Pyongyang, kapital Kore di Nò, fè konnen peyi a rejwenn aksè sou entènèt la. Sa te jeneralman enposib kèk jou sèlman aprè Lèzetazini te pran angajman pou l reponn kif-kif aprè yon atak ki te fèt sou sit-entènèt konpayi sinema ameriken Sony Pictures --atak moun te lage sou do Kore di Nò. Pyongyang te deja genyen yon aksè trè limite sou entènèt la -- yon limit ki te konsène ata sit-wèb Leta kominis la. Ebyen, nan jounen lendi 22 desanm 2014 la sete blackout total, swa zewo aksè sou entènèt la, yon sitiyasyon ki te sanble tèt koupe ak yon atak sibènetik.

Enposiblite pou moun nan Kore du Nò te monte sou entènèt la te dure 9 vè-d-tan; se sèlman byen bonè nan kòmansman jounen madi 23 desanm nan plizyè sitwèb jwenn mwayen retounen sou twal la; pami yo gen sit-entènèt ajans nouvèl gouvènmantal la, Ajans Santral Nouvèl Kore a, ak sit yon jounal Leta ki Rodong Sinmum Journal.

Yon lòt kote, yon konpayi ki la pou swiv sa kap pase sou entènèt la --an palan de Dyn Research-- fè konnen 4 rezo an-liyn nò-koreyen rekòmanse travay a 100 pou san. Dyn Research, ki baze Ozetazini, di moun poko konnen egzatteman kisa l te lakoz blokaj sa a nan sèvis entènèt nan Kore du Nò; men, daprè konpayi a, sa k rive a sanble ak yon atak ki fèt sou yon rezo ki te deja byen frajil.

XS
SM
MD
LG