Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Nouvo Kondisyon Opozisyon an pou Lidè li yo Rankontre ak Prezidan Martelly


Haiti
Haiti

5 pati nan opozisyon an ekri Prezidan Michel Martelly yon lèt pou fè l konnen yo pap kapab patisipe nan yon rankont li fikse pou mèkredi 19 novanm nan paske, daprè yo, kondisyon yo pa reyini. Rosemond Pradel, yon dirijan Fusion Socio-Democrates yo, di lidè opozisyon yo fikse yon seri kondisyon yo panse ki nesesè avan pou yo chita pale ak chèf deta a. Pami kondisyon Gwoup 5 la (ki pa gen Pati Fanmi Lavalas ladan n) poze, genyen -antwòt: 1.- Liberasyon patizan opozisyo ki fèmen nan prizon pou rezon politik; 2.- Prezans yon entèmedyè nan rankont Prezidan an mande a; 3.- Se pou gouvènman an sispann pèsekite patizan opozisyon yo; 4. Demisyon prezidan Michel Martelly dwe fè pati ajanda diskisyon yo.

Nouvèl Ayiti -Madi 18 novanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:12:10 0:00
Direct link

Bò kote pa l, pòtpawòl gouvènman an, Lucien Jura, fè konnen li pa wè rezon ki jistifye prezans yon entèmedyè -jan lidè opozisyon an mande sa a- si yo gen posibilite pou yo rankontre ak Prezidan Martelly dirèkteman. Daprè Misye Jura, opozisyon an kapab pwofite de yon rankont dirèk pou l presize kondisyon li poze pou yon dyalòg ak pouvwa egzekitif la sou rechèch yon solisyon pou kriz politik la.

Yon lòt kote, sekretè teknik Komisyon-Miks Ayisyano-Donimiken an, Regine Lamur, anonse ouvèti 6èm sesyon komisyon an pou mèkredi 19 novanm 2014 la nan Petion Ville, e rankont yo pral dire 2 jou. Objetif fowòm nan se ranfòse relasyon ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn.

Anfen, madi 18 novanm nan raple 211èm "La Bataille de Vètières" ou "Konba Vètyè a", jou kote twoup endijèn yo te ranpòte yon viktwa istorik sou lame franse a nan nò peyi a. Jounalis e istoryen George Michel, ki reponn kesyon Jean-Pierre Leroy, ensiste sou enpòtans jounen sa a nan Istwa d Ayiti.

XS
SM
MD
LG