Accessibility links

Breaking News

Arestasyon yon Nèg ki te Eseye Antre Ilegalman nan La Mezon Blanch


Yon nèg 32 zan twouve l anba men lapolis nan vil Washington D.C., aprè l te grenpe sou kloti Mezon Blanch la (kidonk, palè nasyonal Lèzetazini an) nan fen jounen mèkredi 22 oktòb 2014 la. Sa 2èm endidan konsa ki dewoule depi mwa septanm pase a, kote yon moun eseye antre ilegalman nan palè a. Non nèg sa a rele Dominic Adesanya; se yon rezidan Eta Maryland ki tou prè Washington.

Yon ajan sèvis sekrè ameriken an fè konnen lapolis mete men sou misye aprè gad sekirite ak chyen drese ki te akonpaye gad sa yo te mete men sou li. Li poze zak li a vè 7 tè di swa. Daprè sa responsab yo rapòte, misye te bay chyen yo kout-pye lè yo tap atake li; yo mennen 2 nan chyen yo kay yon doktè veterinè pou yo jwenn tretman pou blese yo resevwa pandan ensidan an, daprè yon pòtpawòl. Papa Dominic Adesanya pale ak yon chèn televizyon lokal pou l di pitit li a soufri paranoya e li kwè gen moun kap siveye li tout tan. Otorite yo poko pote okenn plent devan lajistis kont misye.

Nan mwa septanm 2014 la, nan yon ensidan menm jan ki te dewoule nan Washington, yon nèg ki rele Omar Gonzalez --yon ansyen manm lame amerikèn ki genyen 42 zan e ki te gen yon kouto nan men li-- te kouri antre ilegalman nan La Mezon Blanch; li te rive byen lwen anvan sekirite te mete men sou li. Li te genyen sou li tou zam ki te ka tire 800 kou ak 2 manchèt, pandan li te kite yon 3èm manchèt nan machin li. Ensidan sa a te pouse Kongrè ameriken an fè deba sou dosye sekirite a nan La Mezon Blanch e se youn nan rezon ki fè direkris sèvis sekrè a, Julia Pierson, te oblije bay demisyon l.

XS
SM
MD
LG