Accessibility links

Breaking News

Daprè OMS, Yon Vaksen kont Ebola Posib Anvan Janvye 2015


Oganizasyon Mondyal Lasante (OMS) anonse yon vaksen kont maladi Ebola kapab pare pou antre sou mache a anvan mwa janvye 2015. Asistan direktè OMS la, Doktè Marie Paule Kiény –ki tap abòde dosye a nan jounen madi 21 oktòb 201 4 la pandan li tap pale ak laprès nan vil Jenèv, an Swis-- deklare esè nan klinik sou vaksen kont Ebola a ap dewoule, ou byen pral dewoule, ann Ewòp, Ozetazini e sou kontinan afriken an. Daprè doktè Kiény toujou, si espesyalis yo jwenn moun kapab itilize vaksen sa a an tout sekirite, yo byen kapab eseye yo ann Afrik an janvye kote yo ka sèvi ak plizyè milye dòz. Asistan direktè OMS la pa di kilè vaksen an ap disponib sou tout mache mondyal la. Jiskaprezan, pa gen gerizon pou ebola ki deja touye plis pase 4 mil 500 moun ane sa a sèlman ann Afik de Lwès.

Yon lòt kote, OMS deklare Nijerya pa gen maladi ebola a lakay li aprè 42 jou san dekouvèt okenn ka epidemi an nan peyi a. (42 jou se 2 fwa lavalè tan ki nesesè pou yon moun ki trape viris ki bay ebola a montre siyn ki fè wè li devlope maladi a). Rui Gama Vaz, reprezantan OMS nan Nijerya, fè anons la lendi 20 oktòb 2014 la nan kapital peyi a, Abouja. Misye Gama Vaz di :

« Se yon reyisit, se yon viktwa ekstwòdinè ki montre lemond lòm kapab bloke pwogrè Ebola. Men nou dwe pale klè pou n di se sèlman yon batay nou ranpòte la a. Lagè a va fini lè e sèlman lè nou va kapab deklare tout Afrik de Lwès pa gen ebola ladan l ankò. »

Bò kote pa l, prezidan nijeryan an, Goodluck Jonathan, li pou laprès yon deklarasyon kote li fè konpliman pou sitwayen nejeryan yo ki, daprè li, te travay pou mete kontwòl sou epidemi an. Prezidan Jonathan deklare:

“Prensipal bagay ki te pèmèt Nijerya reyisi, se travay sitwayen nijeryan òdinè yo. Lè gouvènman an te di: « Mezanmi, se pou n fèt atansyon pou n pa reyini an gwoup ; pou n pa fè ti pil, gwo pil ; se pou n pa bay lanmen e nou pa dwe deplase yon kadav konsa-konsa… » Mwen te pè pou lidè legliz yo pat reziste, paske pratik la kominyon an, pratik pran lasent sèn nan, vle moun reyini ansanm kote plizyè milye fidèl bwè nan menm koup la, etsetera. Men, legliz yo te kanpe pratik sa a pandan yon peryòd; moun te menm sispann bay lanmen atravè tout peyi a ; tout sa te sispann e òganizasoyn relijyez yo te pote konkou yo nan kanpay sa a. Menm moun ki bon zanmi te sispann bay akolad. Yo te di: « Toutotan nou pa jwenn bout ebola, nap fè sa k nesesè pou n elimine li. » Se sa k pèmèt nou ranpòte siksè sa a rapidman konsa. Otreman, nou pa tap reyisi, paske gouvènman an pat gen yon bagèt majik pou l te rezoud pwoblèm nan.”

Pandan peryòd epidemi an te prezan nan Nijerya, otorite yo te rapòte 20 ka maladi a; pami malad yo, gen 8 ki mouri.

XS
SM
MD
LG