Accessibility links

Breaking News

Etazini-Ebola: Prezidan Obama Nonmen Ron Klain Kowòdonatè Espesyal Lit kont Epidemi a


 Ron Klain, kowòdonatè estrateji lit gouvènman ameriken an kont Ebola.
Ron Klain, kowòdonatè estrateji lit gouvènman ameriken an kont Ebola.

Prezidan Barack Obama nonmen yon ansyen ofisyèl la Mezon Blanch, Ron Klain, kòm kowòdonatè efò Lèzetazini ap fè pou konbat maladi motèl ki rele Ebola a. Yon kominike La Mezon Blanch pibliye vandredi 17 oktòb 201 4la, konfime nominasyon Misye Klain, yon ansyen otorite wo-plase nan biwo 2 vis prezidan, pou okipe pòs la.

Jedi 17 oktòb la, Prezidan Obama te pale de posiblite pou l kreye pòs sa a lè l tap anonse li bay otorizasyon pou plis fòs militè Lèzetazini al ranfòse 4 mil manm pèsonèl ameriken ki deja nan rejyon Afrik de Lwès la kote yap patisipe nan efò pou konbat ebola.

Pandansetan, Oganizasyon Mondyal Lasante deklare peyi Senegal pa genyen okenn ka Ebola lakay li. OMS fè deklarasyon sa a vandredi, swa 42 jou aprè peyi a te rapòte yon sèl ka ebola; se yon nonm ki te fèk fè yon vwayaj nan peyi Gine. (42 jou se 2 fwa tan ki nesesè pou yon moun montre sentòm maladi a apre li fin trape viris la). Sepandan, Oganizasyon Mondyal Lasante lanse avètisman pou l di pozisyon jewografik Senegal fè l tounen yon peyi a-risk, paske plis moun ka sòti lòt kote epi pote maladi a nan peyi a.

XS
SM
MD
LG