Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Depaman Apre Lanmò Ansyen Prezidan Jean-Claude Duvalier


Jean-Claude Duvalier, ansyen Prezidan Avi Ayisyen, aprè retou l ann Ayiti.
Jean-Claude Duvalier, ansyen Prezidan Avi Ayisyen, aprè retou l ann Ayiti.

Ann Ayiti, gouvènman an poko di si l ap òganize yon antèman ofisyèl pou ansyen prezidan avi Jean-Claude Duvalier ki mouri samdi 4 oktòb 2014 la anba yon kriz kadyak, 3 zan apre li te retounen nan peyi a. Fanmi defen an non plis tou poko fè okenn anons sou kesyon an. Ansyen prezidan an, ki te dirije Ayiti ant avril 1971 e fevriye 1986, te pase 25 an ann egzil an Frans.

Nouvèl Ayiti - Lendi 6 oktòb 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:27 0:00
Direct link

J. C. Duvalier mouri avan li reponn devan lajistis akizasyon kòmkwa li te komèt divès vyolasyon lalwa pandan li te sou pouvwa a -akizasyon tankou detounnman lajan Leta, koripsyon ak vyolasyon dwamoun. Prezidan Michel Martelly pibliye yon kominike kote li di se ak tristès li aprann nouvèl lanmò Misye Duvalier ki te gen 63 zan.

Militan kap defann dwa moun yo eksprime krent pou lanmò sa a pa lakoz viktim rejim Duvalier yo pa jwenn jistis, tandiske kèk lòt obsèvatè di dosye a fèt pou kontinye.

XS
SM
MD
LG