Accessibility links

Breaking News

American Airlines Inogire Vòl Komèsyal li yo nan Vil Kap-Ayisyen


American Airlines inogire vòl komèsyal li yo nan direksyon Ayewopò Entènasyonal Hugo Chavez la nan vil Kap-Ayisyen jedi 2 oktòb 2014 la. Prezidan aysiyen an, Michel Martelly, te trouve l pami pasaje ki fè vwayaj la sòti Miami, nan Eta Florid, Ozetazni, pou ale nan 2èm pi gwo vil peyi d Ayiti a.

Prezidan Martelly pwofite okazyon an pou l pran lapawòl devan yon foul ki te rasanble e li rejte demand opozisyon an fè pou l bay demisyon li. Misye Martelly rejte apèl sa a nan moman lap pare l pou l rankontre, nan jounen vandredi 3 oktòb 2014 la, ak manm yon gwoup 6 senatè ki pa dakò jiskaprezan pou yo vote sou amandman lwa elektoral la.

Yon lòt kote, kominote entènasyonal la kontinye mete presyon sou pati konsène yo pou yo chache jwenn yon antant pou eleksyon dewoule ann Ayiti nan kòmansman ane 2015 la, jan gouvènman Martelly-Lamothe la pwomèt li. Anbasadè alman ann Ayiti, Klaus Peterschick, fè konnen kominote entènasyonal la ankouraje dyalòg entè-ayisyen an e li kritike sektè ki pa dakò ak konsiltasyon sa yo alòske yo pa pwopoze anyen nan plas dyalòg la. Diplomat la, ki regrèt le fèt ke eleksyon yo pap fèt anvan fen ane 2014 la, swete otrorite responsab yo va respekte nouvo plan yo fikse pou mete vòt la sou pye.

Nouvèl Ayiti - vandredi 3 oktòb 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:13 0:00
Direct link

Anfen, senatè Depatman Lwès la, Steven Benoit, kritike desizyon gouvènman an pran pou l pibliye bidjè 2014-2015 la san sena a pa aprouve l. Misye Benoit di sena a te konvoke Minis Planifikasyon ak Kowoperasyon Ekstèn nan --ki se an menm tan chèf gouvènman an, Premye Minis Laurent Lamothe-- pou l te bay eksplikasyon sou finansman yon seri pwogram pwojè bidjè a te prevwa. Minis Finans la, Marie Carmelle Jean Marie, te deja anonse gouvènman an ta pral pibliye bidjè a le premye oktòb 2014 la si palman an pa vote l anvan dat sa a, paske delè 70 jou lalwa prevwa pou pouvwa lejislatif la fè sa a tap ekspire.

XS
SM
MD
LG