Accessibility links

Breaking News

Rankont Sekretè Deta John Kerry ak Kòlèg Iranyen li, Mohammad Javad Zarif


Sekretè Deta John Kerry ki tap pale nan Konsèy Sekirite Nasyon Zini an (Foto Achiv).
Sekretè Deta John Kerry ki tap pale nan Konsèy Sekirite Nasyon Zini an (Foto Achiv).
Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, fè yon rankont fas-a-fas, dimanch 2 septanm 2014 la, avèk kòlèg iranyen li a, Mohammad Javad Zarif, sou pwogram nikleyè Teheran an. Aprè rankont la, ki dewoule nan yon otèl nan vil New York pandan plis pase innèd-tan, Misye Kerry fè konnen li panse gen posiblite pou pwogrè fèt nan negosyasyon kap dewoule sou dosye a.

2 chèf diplomasi yo twouve yo nan new York pou kòmansman Asanble Jeneral Oganizasyon Nasyona Zini an semèn sa a. Daprè otorite ameriken yo, Sekretè Deta Kerry gen plan pou l pouse pou pi devan ak negosyasyon yo semèn sa a menm e li dispoze rankontre ankò ak Misye Zarif si sa nesesè.

Iran ak Gwoup 5 plis 1 an --ki gen ladan n La Grand Bretay, Lachin, Lafans, Lalmay, Larisi ak Lèzetazini-- genyen fen mwa novanm nan kòm tan-limit pou yo jwenn yon antant ak Teheran pou li koupe sou operasyon anrichisman iranyòm iranyen an kòm kondisyon pou peyi oksidantal yo leve sanksyon yo mete sou do lran.

XS
SM
MD
LG