Accessibility links

Breaking News

Yon Seselfe Bankal ap Kenbe nan Ikrèn – Pozisyon Chuck Hagel sou Sitiyasyon an


Minis Defans Jòji a, Irakli Alassania (agoch) avèk kòlèg ameriken li, Chuck Hagel, tap bay lanmen pandan Misye Hagel tap vizite baz militè Krtsanisi nan peyi Jòji. (Foto: 7 septanm 2014).
Minis Defans Jòji a, Irakli Alassania (agoch) avèk kòlèg ameriken li, Chuck Hagel, tap bay lanmen pandan Misye Hagel tap vizite baz militè Krtsanisi nan peyi Jòji. (Foto: 7 septanm 2014).

Nan Ikrèn, otorite yo ki pale nan kòmansman jounen lendi 8 septanm 2014 la, fè konnen akò seselfe ki pase ant gouvènman an ak separatis pwo-Larisi yo kontinye kenbe jiskaprezan, men li rete frajil toujou. Otorite yo nan Kyèv fè deklarasyon sa a yon jou aprè kèk bonbadman ak konfwontasyon te vin deranje seselfe a e te sanble mete li an danje. Nan premye pati jounen lendi a, oken nouvèl pa pale de lese-frape ki ta dewoule pandan nannuit la aprè goumen ki te fèt, pandan jounen dimanch 7 septanm nan, nan vil Donetsk ak Mariupol, kote yon moun te mouri.

Sou dosye Ikrèn nan toujou, minis defans ameriken an, Chuck Hagel, denonse sa l konsidere kòm agresyon klè e piblik Larisi komèt nan peyi vwazen an. Misye Hagel pale konsa pandan li tap vizite peyi Jòji e nan moman gwoup defans dwamoun Amnesty International, ki baze nan vil Lond, fè konnen li pa posib ankò pou Moskou kontinye demanti le fèt ke twoup militè li yo mele nan goumen kap dewoule nan pati lès Ikrèn. Daprè Misye Hagel, aksyon Larisi poze nan Ikrèn yo vin ranfòse rapò ki egziste ant Lèzetazini ak alye li yo an Ewòp, tankou Jòji. Minis Hagel di :

« Rapò kap ranfòse ant L’OTAN ak Jòji se rapò ki espesyalman enpòtan devan aksyon danjere e iresponsab prezidan Putin yo. Desizyon ilegal li pran pou l anekse Preskil Krime a (yon aksyon Lèzetazini pa rekonèt) mete sou kanpay militè Larisi lanse nan Ikrèn nan, tou sa poze yon menas grav pou stablite rejyonal la, menm jan sa te poze yon menas pou rejyon an lè l te antre sou yon pati nan tèritwa Jòji ki rekoni entènasyonalman. »

XS
SM
MD
LG