Accessibility links

Breaking News

Chanjman nan Pwogram Lèzetazini pou Moun Deplase yo nan Pati Nò Irak


Pentagòn nan fè konnen sanble Lèzetazini byen kapab kite tonbe yon plan li te genyen pou l te lanse yon misyon pou deplase irakyen ki bloke sou yon montay nan pati nò Irak akoz lagè, paske kalkil ki fèt montre kantite moun sa yo ta pi piti pase sa otorite ameriken yo te panse anvan.

Nouvèl Konsènan Ayiti - Lendi 18 out 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:12:04 0:00
Direct link

Minis defans Chuck Hagel, ki tap abòde dosye a ak laprès mèkredi, atire atansyon sou konsekans atak aviyasyon militè Lèzetazini an sou gwoup militan islamik yo mete sou pwovizyon manje avyon ameriken kite tonbe nan zòn nan yon fason pou amelyore sitiyasyon an nan Montay Sinjar la. Minis Hagel di:

“Non sèlman genyen mwens moun anwo sou montay la, men tou yo twouve yo n nan yon kondisyon kote yo relativman byen. Moun yo anwo a di se rezilta efò nou fè pou n fè yo jwenn dlo ak manje an plis lefèt ke atak ayeryen nou yo pèmèt yo gen plis espas pou yo bouje, pou yo sikile, plis tan pou yo fè sa yo gen pou yo fè. Alòs, se yon bòn nouvèl.”

Sitwayen irakyen ki fè pati gwoup etnik kurd la ak lòt minorite te kouri al pran refij sou Montaj Sinjar la anvan militan islamik yo te lanse yon gwo kokenn atak nan rejyon kote yo tap viv la, tou prè fwontyè Irak ak Siri.

XS
SM
MD
LG