Accessibility links

Breaking News

Tranblemanntè nan Ekwatè. 2 Moun Mouri – 8 Lòt Blese.


Moun ki tap gade pandan debri ak pousyè tap kouvri otowout Pan-Amerikèn nan nan rejyon Oyacoto, o nò Kito, nan moman tranblemanntè a tap souke zòn nan madi 12 out 2014 la. (Foto: AP/Dolores Ochoa).
Moun ki tap gade pandan debri ak pousyè tap kouvri otowout Pan-Amerikèn nan nan rejyon Oyacoto, o nò Kito, nan moman tranblemanntè a tap souke zòn nan madi 12 out 2014 la. (Foto: AP/Dolores Ochoa).

Yon tranblemanntè ki mezire 5,1 sou echèl Ricktèr la souke kapital peyi Ekratè a, Kito, ak zòn ki ozalantou li yo madi 12 out 2014 la. Bilan pwovizwa: 2 moun mouri tandiske 8 lòt blese.

Sant jewolojik Lèzetazini an fè konnen sant soukous la te sitiye sou yon distans 23 kilomèt o nòdès Kito. Goudougoudou a te fè moun kouri pran lari nan moman gwo bildinn yo tap souke.

Biwo ekwatoryen ki la pou kontwole dezas ak afè ijan yo, ki pale sou ensidan an sou kont twitter li nan jounen madi a, deklare sapè ponpye te gen pou goumen ak dife ki te pran kèk kote, epi al sove moun ki te bloke anba tè akoz yon glisman teren.

XS
SM
MD
LG