Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Vle Rete Angaje Vizavi Irak


Prezidan Obama ki tap pale de sitiyasyon an nan Irak pandan lap pase vakans sou zile Martha's Vineyard, Eta Massachusetts (Foto: 11 out 2014).
Prezidan Obama ki tap pale de sitiyasyon an nan Irak pandan lap pase vakans sou zile Martha's Vineyard, Eta Massachusetts (Foto: 11 out 2014).

Chèf diplomasi Lèzetazini an, John Kerry, lanse yon apèl bay premye minis deziye Irak la, Haider al-Abadi, pou mande li fòme yon nouvo kabinè rapidman e Sekretè Deta a pwomèt Washington pral ede nouvo gouvènman an konbat militan islamik yo. Pandan Misye Kerry tap vizite peyi Ostrali madi maten, li fè laprès konnen objektif la pou Irak pa chanje : se toujou yon gouvènman ki reprezante tout gwoup etnik peyi a - chiyit, sinit, kird ak tout lòt minorite yo. Misye Kerry di :

“Nouvèl ekip dirijant la nan Irak genyen yon defi trè difisil devan n. Li dwe travay pou l rejwenn konfyans sitwayen yo. Pou sa, fòk se yon gouvènman ki bay tout moun yon plas bò tab la ; sepandan, li dwe pran dispozisyon ki nesesè pou l montre fèm volonte li poul fè bagay yo fèt. Kant-a-pou nou menm, nou pral kontinye kanpe bò kote pèp irakyen an pandan peryòd tranzisyon sa a.”

Sekretè Deta Kerry ajoute sòlda ameriken pa pral retounen sou teren an nan Irak; li ensiste sou le fèt ke Irakyen yo dwe pote-kole nan konba peyi yo ap livre la a, e yo dwe fè sa nan non Irak.

Bò kote pa l, minis defans ameriken an, Chuck Hagel, fè konnen li konsidere nominasyon Haider al-Abadi nan pòs premye minis la kòm yon bòn nouvèl. Misye Hagel di Lèzetazini pare pou l travay ak nouvo gouvènman irakyen an yon fwa li va monte sou pouvwa a. Lendi, prezidan Barack Obama te lanse apèl bay sila yo ki pral fòme gouvènman an pou yo mete tèt yo ansanm, nan lapè, avèk yon objektif: elimine menas militan islamik yo ki deja mete men sou yon gwo pati peyi a san yo pat menm rankontre twòp opozisyon.

Nouvo prezidan irakyen an, Fouad Massoum, te nonmen misye al-Abadi, vis prezidan palman an, nan pòs premye minis la menmsi premye minis ki la kounye a, Nouri al-Maliki --ki tap chache yon 3èm manda-- pa kontan ditou-ditou. Misye Abadi genyen 30 jou pou l fòme nouvo gouvènman an. Li pale pou l di li gen konfans, a la fen dè fen, peyi a pral ranpòte laviktwa sou rebelyon militan islamik yo ki kontwole yon pati nan rejyon lès Siri ak yon pati nan rejyon nòdwès Irak.

XS
SM
MD
LG