Accessibility links

Breaking News

Kanbòdj/Jistis: Kondanasyon Kèk Ansyen Lidè Khmer Rouge pou Krim kont Limanite


Yon ansyen lidè Khmer Rouge: Leng Thirith
Yon ansyen lidè Khmer Rouge: Leng Thirith

Nan Kanbòdj, yon tribinal Oganizasyon Nasyon Zini apiye kondane kèk ansyen lidè Khmer Rouge pou yo pase rès vi yo nan prizon “pou krim kont limanite”. Tribinal la pran desizyon sa a jedi 7 out 2014 la, swa 35 kan aprè fen rejim gwoup kominis la ki te fè anpil san koule nan peyi a; li te touye anviwon yon ka tout popilasyon kanbodyèn nan.

Pami ansyen lidè kondane yo, nou jwenn ansyen chèf-deta Khieu Samphan, ki genyen 83 zan, avèk ansyen chèf pwopagann rejim Khmer Rouge la, Nuon Chea, ki genyen 88 tan. Tribinal la jwenn yo koupab deske yo te komèt asasina, pèsekisyon politik ak lòt atwosite.

An 2010, menm tribinal la te jwenn koupab epi kondane ansyen lidè prizon Khmer Rouge la, Kaing Guek Eav -- ki popilè sou non Dutch-- pou l pase tout rès vi l nan prizon tou, pou asasina plis pase 14 mil moun lè l tap dirije penitansye Tuol Slang la nan kapital la, Phnom Penh.

XS
SM
MD
LG